Nouvèl

Move zanmi kreyòl-fransè : Griyo/Griot

Pifò mo kreyòl soti nan lang fransè. Mo sa yo konn chanje fòm pou adapte yo ak fonksyonman sistèm lang kreyòl la. Anpil fwa, mo a chanje sans tou lè l travèse nan kreyòl la. Se sa k fè nou jwenn plizyè move zanmi kreyòl fransè. Tèm move zanmi oswa fo zanmi an se yon tèm lengwistik ki konsène yon mo ki egziste nan de lang diferan e nan chak lang sa yo menm mo sa a gen de sans diferan. Li enpòtan nan zafè tradiksyon pou w konn move zanmi yo pou evite entèferans.
Fich lengwistik sa a ap prezante move zanmi « griyo » an kreyòl ak « griot » an fransè.

An kreyòl, yo sèvi ak non « griyo » a pou idantifye vyann kochon fri. Diksyonè kreyòl Vilsen an defini mo griyo a konsa : « Manje ki fèt ak vyann kochon fri » (1).

An fransè, yo sèvi ak non « griot » a pou idantifye moun ki ap rakonte kont ak istwa tan lontan nan literati oral ann Afrik.

Kidonk, si n pran egzanp fraz kreyòl « Jèmèn ap manje yon bon griyo »,  ou pa ka tradui l « *Germaine mange un bon griot ». si w fè sa, w ap fè yo pran Jèmèn pou kanibal.

Remak : Te gen yon mouvman entèlektyèl ayisyen ki te rele « Les griots ». Epi revi yo te sèvi pou pibliye ide mouvman sa a te rele « Les Griots » tou. Non mouvman sa a te enspire nan sans fransè a paske youn nan lide mouvman an t ap pwone se te yon retou nan sous Afrik kòm orijin koutim ak konpòtman Ayisyen yo.

 

(1) Vilsaint Féquière, Heurtelou Maude, Diksyonè Kreyòl Vilsen, Educa Vision, Etazini, 1994, p. 207

Pataje pòs la

Move zanmi kreyòl-fransè : Vye/Vieux

Pifò mo kreyòl soti nan lang fransè. Mo sa yo chanje fòm pou adapte yo ak fonksyonman sistèm son lang kreyòl la. Anpil fwa, mo a chanje sans tou lè l travèse nan kreyòl la. Se sa k fè nou jwenn plizyè move zanmi kreyòl fransè. Tèm move zanmi oswa fo zanmi an se yon tèm lengwistik ki konsène yon mo ki egziste nan de lang diferan e nan chak lang sa yo menm mo sa a gen de sans diferan. Li enpòtan nan zafè tradiksyon pou w konn move zanmi yo pou evite entèferans.

Fich lengwistik sa ap prezante move zanmi « vye » an kreyòl ak « vieux/vielle » an fransè.

An kreyòl, adjektif « vye » a vle di pa bon. Pa egzanp, yon vye machin se yon machin ki pa bon, k ap bay pwoblèm toutan; yon vye moun, se yon moun ki mechan.

An fransè, adjektif « vieux » a vle di ansyen. Pa egzanp, « Un vieux musicien » vle di yon mizisyen ki la lontan, ki granmoun; « un vieux vélo » vle di yon bekàn ki la lontan.

Pou w tradui « un vieux musicien », ou dwe di : « yon ansyen mizisyen » olye w di « *yon vye mizisyen ». Pou w tradui « un vieux vélo », ou dwe di : « yon ansyen bekàn » olye w di « *yon vye bekàn ».

Remak : an kreyòl, adjektif vye a gen sans ansyen tou nan espresyon « vye granmoun » kote li kalifye yon moun ki granmoun anpil. Men, si ou di yon vye moun, li pa gen menm sans sa a, jan nou te esplike sa pi wo a.

Pataje pòs la

Mak tan ak aspè an kreyòl ayisyen – Dezyèm pati : « Ta », « T apral », « T ava », « Annou / Ann »

Mak tan ak aspè yo se yon seri mo ki endike nan ki moman aksyon y ap pale de li a fèt (tan an) epi fason moun k ap pale a wè dewoulman aksyon an (aspè a). Men kisa mak tan ak aspè yo esprime an kreyòl ayisyen.

Ta

Li esprime yon anvi, yon swèt, yon kondisyon oswa yon posiblite.

Egz.        Si m te gen kòb, m ta achte yon machin pou ou.

 

T apral, t ava

De mak  tan ak aspè sa yo esprime yon aksyon nan pase ki t apral fèt apre yon lòt aksyon.

Egz.        Mwen t apral pati lè lapli a kòmanse tonbe a.

Si lapli pa t ap tonbe, m t ava al wè moun yo.

 

An nou / An n

Pou mak tan ak aspè An nou ak fòm rakousi An n nan, moun k ap pale a wè aksyon an nan kòmansman l. Li sèvi pou yon demann oswa yon envitasyon moun k ap fè l la enplike ladan l tou.

Egz.        An n ale.

 

Egzèsis sou fich lengwistik sa a. Teste konesans ou!

 

Pou w aprann kilè pou w itilize lòt mak tan ak aspè yo, gade fich lengwistik ki gen tit Mak tan ak aspè an kreyòl ayisyen – Premye pati : « ap », « pral », « te », « t ap »

Sous : Gramè deskriptif kreyòl ayisyen an, # 1.9, 17.1.2 ak 17.1.3

Pataje pòs la

Ti Prens lan

Ti Prens mwen an !
Mwen vin konprann, poukisa ou te toujou ap reflechi, tèt ou lwen ou pa konn ki kote, yon tristès toujou ap fè yon lago kache avè ou. Pandan lontan, sèl distraksyon ou, se te gade jan sa bèl lè solèy ap kouche poutèt sa te lage yon jwa andedan ou, yon lapè. Mwen aprann detay sa a yon maten, lè ou di m :

– Mwen byen renmen lè solèy ap kouche. An n al wè yon solèy k ap kouche.

– Men… Se pou ou tann!

– Tann kisa?

– Tann solèy la k ap kouche.

Ou te sezi. Ou ri tèt ou epi ou di m :

– Mwen kwè m toujou lakay.

Se te vre. Lè l fè midi Etazini, solèy la, tout moun konnen l, kouche an Frans. Si ou te gen pouvwa pou w al an Frans nan yon minit, ou t ap chita gade solèy la k ap kouche. Malerezman, pou al an Frans vwayaj la te twò lwen. Men sou ti planèt zuit ou a, ou te annik rale chèz ou, ou te ka gade labrimdiswa k ap tonbe chak fwa ou vle.

– Yon lè, mwen wè solèy kouche karannkat fwa.

Yon ti jan pita, ou te ajoute :

– Ou konnen? Lè ou tris anpil, ou renmen wè solèy la k ap kouche.

– Jou ou te gade solèy ki t ap kouche karannkat fwa a, ou te gen yon gwo tristès nan kè ou?

Ti Prens lan pa reponn.

 

Antoine De Saint-Exupéry, Tradiksyon Gary Victor, Ti Prens lan, C3 Editions, Pétion-Ville, Haïti, 2014, p. 23-24

Pataje pòs la

Mwen konnen poukisa zwazo ki nan kalòj la ap chante

Nou te abite avèk grann nou ak tonton nou pa dèyè Magazen an (yo te toujou site non magazen an kòmsi l te batize ak yon M majiskil). Sa te fè plis pase vennsenkan depi grann mwen te ouvri Magazen sa a.

Nan kòmansman syèk la, Mama (lontan pa t pase anvan n te sispann rele l grann) te konn vann manje, epi kliyantèl li yo te sitou travayè ansanm ak plantè koton yo. Vyann byen sèk ansanm ak limonad fre li yo te fè konplo ak kapasite l te genyen pou l de kote alafwa, epi yo te garanti reyisit biznis li an. Li te kòmanse nan fòm yon ti bourèt ki t ap mache vann manje, apre sa li te transfòme an yon ti tant pou sèvi bezwen travayè yo pandan plizyè ane. Pi devan toujou, Mama te vin gen yon Magazen li te bati nan mitan ti katye moun nwa yo. Pandan ane yo t ap pase, Magazen an te vin tounen nanm katye moun nwa yo. Se la tout aktivite te demare. Lè samdi, kwafè ak kliyan yo te vin pran frechè nan lakou Magazen an. An menm tan, plizyè gwoup mizik twoubadou ki te toujou ap travèse eta Sid yo te pwofite poze sou ban ki te nan lakou a pandan yo t ap chante chante tris ak jwe gita.

Pou m byen di nou, men bonjan non Magazen an : Wm. Johnson Magazen Machandiz jeneral. Kliyan yo te ka jwenn manje, fil, mayi pou poul, luil pou lanp, anpoul limyè pou sila yo ki te gen mwayen, lasèt soulye, pomad pou cheve, balon, semans. Si gen yon bagay yon moun pa t ka jwenn anndan Magazen an, yo t ap sèlman kòmande l pou li.

Pandan nou potko fin abitye ak Magazen an, epi li menm tou li potko fin abitye avèk nou, se kòmsi yo te fèmen nou nan yon kay plen amizman kote moun ki anchaj la te ale lakay li epi li pa t ap janm tounen.

 

Maya Angelou, Tradiksyon Zermatt Scutt, Mwem konnen poukisa zwazo ki nan kalòj la ap chante, Edisyon Jebca, Etazini, 2016

Pataje pòs la

An n al Lazil

an n ale vit tanpri
n’a tire kont
n’a jwe marèl ak flè dizè
pou n kabre lajounen
n a fè lago
ak mouche loray
n’a lanbe rèv
n’a peze kafe

n’a plante pwadchous

n’a dòmi reve je klè

nou prale byen lwen

dèyè yon touf powèm rak bwa

tankou de moun fou

pou n voye wòch

kase tèt lanmou

 

an n al lazil cheri

lazil se peyi manman m

se la timoun yo twoke rèv yo

ak douvanjou

pou yo ka pran lalin nan pyèj

 

se la depi nan tan benbo

bayawonn pouse bò granchimen

pou resevwa larèn chantrèl

 

 

Fred Edson Lafortune, An n al Lazil, Trilingual Press / Près trileng, Cambridge, Massachusetts, fevriye 2014, p. 18

Pataje pòs la

Eminans – On kont chante

Tè Nan Kas la pou tout moun. Sa k vle gen dwa koupe on moso pou l fè jaden. Men, fò l bare l. Bèt, chwal, milèt, bourik ki lage gen plis dwa pase kretyen vivan. Nanpwen lalwa ki pwoteje kiltivatè. Se bon lantouray ki pou sove ou.

Lò m fin koupe moso tè kote m te vle fè jaden m Nan Kas la, m konte sa va pran m sis senmenn pou m pare l pou m plante. M monte chak lendi, chak mèkredi ak chak vandredi, depi douvan jou jouk ta nan lapremidi.

Si se te pou mwen sèl m pa ta travay di kon sa. Men, papa Maryeta te di, anvan yo ban m li, se pou m gen kay pou m mete l. M te dakò.

M pa nèg ki di m ap fè on bagay pou m pa fè l.

Lò m wè kat senmenn pase, m pankò pare mwatye tè a, m leve m pati pi bonnè, m kite Nan Kas pi ta.

Maryeta menm di m :

– Eminans, w ap touye tèt ou.

Se kou si l te di m :

– Travay pi vit pou n sa al ret lakay nou pou dòmi nan menm kabann.

Se pawòl sa a m tande nan zòrèy mwen ki mache kou on bon briz nan san mwen, menm lè solèy la chita sou zepòl mwen kou on gwo zwezo k ap beke zo bwa tèt mwen.

Swe k ap kouri sou do m cho pase on dlo k ap bouyi. De rigòl desann de bò vant mwen, y ap antre nan kwis mwen kou de zegwi, y ap chache kote pou yo ta foure kò yo pou yo fè m pi mal. Si pawòl Maryeta a pa t ap rafrechi san m, tèt mwen ta fann depi lontan.

M voye je m gade ki gwosè moso tè m rete pou m sèkle toujou.

L anpil.

M plonje. M grennen manchèt sou raje a kou si l te on lenmi m vle touye anvan l touye m.

M pa santi chalè solèy la ni fatig travay la ankò. Se pa sa k rive chak fwa batay la vin pi cho pase solèy la. M pa santi l ankò. M ta mèt blese nan men, nan pye, m pa ta santi anyen. M pa met manchèt sou on lame malfetè. M soti pou m kraze yo tout pou yo pa janm parèt ankò. Lè on kolonn raje kouche nèt, s atò m mande batay.

 

Félix Morisseau-Leroy (Feliks Moriso Lewa), Kont kreyòl – Eminans, editè Jean-Yves Urfié, CSSp, Enprimri Le Natal, Pòtoprens, 2001, p. 29-31

Pataje pòs la

Papye

Poko fòse zwazo
Bwè dlo
Nan pla men ou
Ak zèl yo mare

Pa kite van bwote

Papye kap yo

Chak papye kreyòl

Se yon kap

Ki pral poze

Nan gran lakou

Sou yon pye zanmann

 

Kap papye

Ale ale

M a bwè dlo

Ale ale

Sezon va vin vèt

Ale ale

Bèl kap

Chak fèy O O

Se koulè lakansyèl

 

Dominique Batraville, Kòdvokal, Edisyon Pulùcia, Koleksyon Emile Célestin-Mégie, Jakmèl, Ayiti, Oktòb 2014, p. 30

Pataje pòs la

Men nou!

Se vag lanmè k ap bwote n ale
kouran larivyè k ap trennen nou
se van nòde k ap soufle nan vwal nou
pou mennen n lakay nou

se klewon zetwal k ap di Men nou !
n ap vini !

ak limyè sou tèt nou

ak melon ak zaboka ak

grenn mayi nan malèt nou

 

syèl la fann debò pou ban n pase

zwazo mete chapoba devan nou

solèy tire fedatifis pou nou

 

Men nou ! ak lapenn nan kè nou

ak panyen soufrans nou

ak kabwèt devenn nou

MEN NOU ! apre 30 sezon madichon

 

n ap pote dlo pou larivyè

n ap pote dlo pou lapli

n ap pote dlo pou sous

nan youn kamyon chaje ak lide

ak fòs kouraj nou

Men nou !

nan youn batiman esperyans

kòn legzil nou sou tèt nou !

 

n ap pote limyè pou fil elektrik

limyè pou zanpoul channmas

limyè pou dèlko

 

ak diplòm dyaspora nou nan valiz nou

ak kè nou ki tounèf

nou pral pote kole ak rasin anba tè

pou fè pyebwa Tousen Louvèti a

grenpe nan syèl !

 

Josaphat Large, Pè Sèt, edisyon Mapou, koleksyon koukouy, 1994, p. 99-100

Pataje pòs la

…Tinon jwèt, tinon serye, tinon sikonstans…

– Cheri, Yoyo, Bibich, Fafou, Kòkòt […]

Si gen yon bagay m pa janm rive kontwole se tout tinon jwèt, tinon serye, tinon sikonstans manman m ban mwen. Lè m te gen dizan, m te sèl pwopriyetè yon bon douzèn tinon. Toutan m ap grandi, toutan manman m ap envante, koupe, kole tinon sou do m. Rive yon moman, m sispann konte. Manman m rele m jan l vle lè l pito.

Kèlkeswa non ki pase nan tèt manman m, depi l rele m, pale avè m, m konnen. Gen yon tandrès nan vwa l ki pa regade pyès lòt moun. Manman m mèt touse. Depi se pou mwen, m ap reponn.

  • Yoyo, Fafou… ou tounen vre? Movèz lang di zo m ap gen tan blanchi nan gran simityè avan ou vini. M kontan ou vini. Peyi a bezwen. Kòm ou se doktè moun fou ou ye, met kouraj sou ou. Kòmande kòd, menòt, chenn, jouk. Depi ou pati a, tout moun fou nan peyi a. Pè, komandan, avoka, machann, entèletyèl, m pa konn ankò. Tout gaye. Youn pa peye dwa. S on peyi bwasè, tèt cho, chen anraje. Cheri, soti sonn ou ak blouz ou, mare moun fou ban mwen…

Jean-Euphèle Milcé, Pase m yon kou foli, Edisyon Près Nasyonal d`Ayiti, Koleksyon Souf Nouvo, janvye 2008, Pòtpprens, P. 17, 18

Pataje pòs la