Konbyen tan yon sitiyasyon aprantisaj dwe dire ?

Gen pwofesè ki konn mande si yon sitiyasyon aprantisaj dwe kadre ak kantite lè ki rezève pou kou a pa semèn. Gen lòt ki panse tan pou kouvri yon sitiyasyon aprantisaj ta dwe kadre ak diferan peryòd egzamen yo prevwa nan ane a. Anvan nou pale sou kantite tan yon sitiyasyon aprantisaj dwe dire, ann […]


Pwogram selebrasyon Jounen lang matènèl nan Fakilte lengwistik aplike

Dekana Fakilte lengwistik aplike, nan Invèsite Leta Ayiti a, pibliye pwogram selebrasyon jounen lang manman an pou ane 2017 la. Se yon pwogram animasyon syantifik ak kiltirèl ki pral dewoule konsa : 9 è – 9 è 05 :                      Lansman jounen an 9 è 05 […]


Chantèz Stéphanie Séjour Antoine ki gen non atis li Tifàn, Pòt pawòl 15èm edisyon «Mwa kreyòl Monreyal la»

Direksyon komite entènasyonal k ap fè pwomosyon kreyòl ak alfabetizasyon(KEPKAA), fè tout moun konnen yo chwazi chantèz Stéphanie Séjour ki gen non atis li Tifàn pou pòt pawòl 15èm edisyon «Mwakreyòl Monreyal la». Tifàn se yon Ayisyen, li fè etid inivèsitè li nan sosyoloji nan peyi Etazini kote l te viv pandan yon bon bout […]


Plis pase 25 nouvo liv an kreyòl nan «Livres en folie» 2016 la

22 yèm edisyon «Livres en folie» a ap prezante plis pase 25 nouvo tit an kreyòl. Liv sa yo fè pati plizyè kategori : gen pwezi, woman, esè, liv jenès, istwa ak kont. Kategori ki pi reprezante se pwezi. Gen nan tit sa yo ki se tradiksyon èv ki te pibliye nan lang etranje.   […]