Mwen konnen poukisa zwazo ki nan kalòj la ap chante

Nou te abite avèk grann nou ak tonton nou pa dèyè Magazen an (yo te toujou site non magazen an kòmsi l te batize ak yon M majiskil). Sa te fè plis pase vennsenkan depi grann mwen te ouvri Magazen sa a.

Nan kòmansman syèk la, Mama (lontan pa t pase anvan n te sispann rele l grann) te konn vann manje, epi kliyantèl li yo te sitou travayè ansanm ak plantè koton yo. Vyann byen sèk ansanm ak limonad fre li yo te fè konplo ak kapasite l te genyen pou l de kote alafwa, epi yo te garanti reyisit biznis li an. Li te kòmanse nan fòm yon ti bourèt ki t ap mache vann manje, apre sa li te transfòme an yon ti tant pou sèvi bezwen travayè yo pandan plizyè ane. Pi devan toujou, Mama te vin gen yon Magazen li te bati nan mitan ti katye moun nwa yo. Pandan ane yo t ap pase, Magazen an te vin tounen nanm katye moun nwa yo. Se la tout aktivite te demare. Lè samdi, kwafè ak kliyan yo te vin pran frechè nan lakou Magazen an. An menm tan, plizyè gwoup mizik twoubadou ki te toujou ap travèse eta Sid yo te pwofite poze sou ban ki te nan lakou a pandan yo t ap chante chante tris ak jwe gita.

Pou m byen di nou, men bonjan non Magazen an : Wm. Johnson Magazen Machandiz jeneral. Kliyan yo te ka jwenn manje, fil, mayi pou poul, luil pou lanp, anpoul limyè pou sila yo ki te gen mwayen, lasèt soulye, pomad pou cheve, balon, semans. Si gen yon bagay yon moun pa t ka jwenn anndan Magazen an, yo t ap sèlman kòmande l pou li.

Pandan nou potko fin abitye ak Magazen an, epi li menm tou li potko fin abitye avèk nou, se kòmsi yo te fèmen nou nan yon kay plen amizman kote moun ki anchaj la te ale lakay li epi li pa t ap janm tounen.

 

Maya Angelou, Tradiksyon Zermatt Scutt, Mwem konnen poukisa zwazo ki nan kalòj la ap chante, Edisyon Jebca, Etazini, 2016

Pataje pòs la