Men nou!
Se vag lanmè k ap bwote n ale
kouran larivyè k ap trennen nou
se van nòde k ap soufle nan vwal nou
pou mennen n lakay nou
se klewon zetwal k ap di Men nou !
n ap vini !
ak limyè sou tèt nou
ak melon ak zaboka ak
grenn mayi nan malèt nou
syèl la fann debò pou ban n pase
zwazo mete chapoba devan nou
solèy tire fedatifis pou nou
Men nou ! ak lapenn nan kè nou
ak panyen soufrans nou
ak kabwèt devenn nou
MEN NOU ! apre 30 sezon madichon
n ap pote dlo pou larivyè
n ap pote dlo pou lapli
n ap pote dlo pou sous
nan youn kamyon chaje ak lide
ak fòs kouraj nou
Men nou !
nan youn batiman esperyans
kòn legzil nou sou tèt nou !
n ap pote limyè pou fil elektrik
limyè pou zanpoul channmas
limyè pou dèlko
ak diplòm dyaspora nou nan valiz nou
ak kè nou ki tounèf
nou pral pote kole ak rasin anba tè
pou fè pyebwa Tousen Louvèti a
grenpe nan syèl !
Josaphat Large, Pè Sèt, edisyon Mapou, koleksyon koukouy, 1994, p. 99-100