Lang ou pa lanmè, men, li ka neye w

Esplikasyon pwovèb kreyòl la

Pawòl ki soti nan bouch yon moun ka lakoz malè l

Proverbe équivalent en français

Qui domine sa langue sauve sa tête


Kaka je pa linèt

Esplikasyon pwovèb kreyòl la

Aparans twonpe. Aparans ka fè w pran yon moun oswa yon bagay pou sa l pa ye

Proverbe équivalent en français

Tout ce qui brille n'est pas or

Equivalent proverb in english

All that glitters isn't gold

Labou nan pye pa bòt

Esplikasyon pwovèb kreyòl la

Aparans twonpe. Aparans ka fè w pran yon moun oswa yon bagay pou sa l pa ye.

Proverbe équivalent en français

Tout ce qui brille n'est pas or

Equivalent proverb in english

All that glitters isn't gold

Lè w pa gen manman ou tete grann

Esplikasyon pwovèb kreyòl la

Lè w pa jwenn sa w ta vle a, ou kontante w a k sa w genyen.

Proverbe équivalent en français

Faute de grives on mange des merles.

Equivalent proverb in english

Half a loaf is better than no bread.