Eminans – On kont chante

Tè Nan Kas la pou tout moun. Sa k vle gen dwa koupe on moso pou l fè jaden. Men, fò l bare l. Bèt, chwal, milèt, bourik ki lage gen plis dwa pase kretyen vivan. Nanpwen lalwa ki pwoteje kiltivatè. Se bon lantouray ki pou sove ou.

Lò m fin koupe moso tè kote m te vle fè jaden m Nan Kas la, m konte sa va pran m sis senmenn pou m pare l pou m plante. M monte chak lendi, chak mèkredi ak chak vandredi, depi douvan jou jouk ta nan lapremidi.

Si se te pou mwen sèl m pa ta travay di kon sa. Men, papa Maryeta te di, anvan yo ban m li, se pou m gen kay pou m mete l. M te dakò.

M pa nèg ki di m ap fè on bagay pou m pa fè l.

Lò m wè kat senmenn pase, m pankò pare mwatye tè a, m leve m pati pi bonnè, m kite Nan Kas pi ta.

Maryeta menm di m :

– Eminans, w ap touye tèt ou.

Se kou si l te di m :

– Travay pi vit pou n sa al ret lakay nou pou dòmi nan menm kabann.

Se pawòl sa a m tande nan zòrèy mwen ki mache kou on bon briz nan san mwen, menm lè solèy la chita sou zepòl mwen kou on gwo zwezo k ap beke zo bwa tèt mwen.

Swe k ap kouri sou do m cho pase on dlo k ap bouyi. De rigòl desann de bò vant mwen, y ap antre nan kwis mwen kou de zegwi, y ap chache kote pou yo ta foure kò yo pou yo fè m pi mal. Si pawòl Maryeta a pa t ap rafrechi san m, tèt mwen ta fann depi lontan.

M voye je m gade ki gwosè moso tè m rete pou m sèkle toujou.

L anpil.

M plonje. M grennen manchèt sou raje a kou si l te on lenmi m vle touye anvan l touye m.

M pa santi chalè solèy la ni fatig travay la ankò. Se pa sa k rive chak fwa batay la vin pi cho pase solèy la. M pa santi l ankò. M ta mèt blese nan men, nan pye, m pa ta santi anyen. M pa met manchèt sou on lame malfetè. M soti pou m kraze yo tout pou yo pa janm parèt ankò. Lè on kolonn raje kouche nèt, s atò m mande batay.

 

Félix Morisseau-Leroy (Feliks Moriso Lewa), Kont kreyòl – Eminans, editè Jean-Yves Urfié, CSSp, Enprimri Le Natal, Pòtoprens, 2001, p. 29-31

Pataje pòs la