Nouvèl

Kou lekti ak ekriti pou moun ki pale kreyòl

Èske ou mal pou li kreyòl paske ou pa t aprann li kreyòl nan lekòl ? Kou sa a ap fè ou fò nan li kreyòl ak nan ekri kreyòl. W ap metrize sistèm òtograf kreyòl la ak règ sou fason pou w ekri mo kreyòl yo.

Kantite tan kou a dire

Kou a gen 5 leson k ap dire 5 semèn. Chak semèn, w ap ka suiv yon leson.

 

Jan kou a dewoule

W ap ka koute konvèsasyon moun ki pale kreyòl ak kèk estrè videyo. N ap voye dokiman pou ou avan oswa apre chak leson pou w ka travay. W ap gen yon pwofesè w ap ka poze kesyon w yo pa imel. W ap ka pale ak pwofesè a dirèkteman pa telefòn oswa pa videyo de fwa pandan sesyon an.

 

Sa w ap bezwen

  • Yon òdinatè oubyen yon tablèt oswa yon telefòn entèlijan
  • Yon koneksyon entènèt
  • Yon kas pou w koute
  • Yon micro
  • Yon lojisyèl pou konvèsasyon videyo (tankou Hangout oswa Skype)

Pri kou a

40 $ CA.

*Se lè ou peye kou a enskripsyon w lan ap anrejistre.

 

Fason ou ka peye

Ou ka peye ak kat kredi oswa nan Paypal.

Pataje pòs la

Kou kreyòl sou entènèt

Chwazi pami 3 kou pi ba yo ki kou ou vle swiv. Klike sou kou ou vle swiv la pou w ka wè tout detay yo.

Chwazi yon kou

  • Kou lekti ak ekriti pou moun ki pale kreyòl

  • Kou kreyòl dezyèm lang

  • Kou kreyòl pou etranje

Pataje pòs la

Gramè deskriptif kreyòl ayisyen an – Yon liv ou dwe posede!

Liv sa a enpòtan pou de gwo rezon. Premye rezon an, se paske manke bonjan liv gramè ki dekri lang kreyòl la e se youn nan bagay moun k ap denigre lang nan konn pran kòm agiman. Gramè deskriptif kreyòl ayisyen an vin konble tou vid sa a. Dezyèm rezon an, se paske liv Gramè deskriptif kreyòl ayisyen an, se pa yon moun ki jis renmen lang nan ki ekri l, men se yon lengwis ki gen bon zouti pwofesyonèl pou l analize lang nan nan tout fondalnatal li.

Men, se pa sa sèlman. Fason liv la ekri a vrèman pratik. Men kèk bon pwen ki fè liv la vrèman enteresan.

  • Liv la ekri yon fason ki klè. Menmsi ou pa byen konnen lang kreyòl la, menmsi ou pa espesyalis nan zafè lang, w ap konprann esplikasyon yo byen fasil.
  • Gen plizyè tablo ak lòt ilistrasyon ki ap pèmèt ou kenbe enfòmasyon ki pi enpòtan yo.
  • Nan fen liv la, gen yon endèks k ap pèmèt ou chèche tèm ou bezwen esplikasyon sou yo.
  • Anpil egzanp ki nan liv la soti nan tèks ki egziste. Tèks sa yo soti nan woman, pwezi, nouvèl, pyès teyat, lodyans ak chante ki fèt an kreyòl.

Kounye a, li rete pou w wè ak je pa w epi pou w pwofite liv sa a. Kit ou Ayiti, Etazini oswa Kanada, liv la disponib pou ou. Ou kapab achte l sou entènèt tou. Klike sou lyen sa a  pou w wè ki kote w ap ka achte liv la.

 

Pataje pòs la

« Yo » detèminan defini, « Yo » detèminan posesif e « Yo » pwonon pèsonèl

An kreyòl, mo « yo » a kapab swa detèminan, swa pwonon pèsonèl.
Lè « yo » a se detèminan, li toujou akonpaye yon non. Li kapab yon detèminan defini pliryèl oswa yon detèminan posesif.

Eksplikasyon

An kreyòl, mo « yo » a kapab swa detèminan, swa pwonon pèsonèl.
Lè « yo » a se detèminan, li toujou akonpaye yon non. Li kapab yon detèminan defini pliryèl oswa yon detèminan posesif.
Lè « yo » a se pwonon pèsonèl, li mache ak yon vèb, oswa ak yon lòt kalite predika, pou eksprime 3yèm pèsòn pliryèl. Lè sa a, li kapab pran fòm rakousi « y » si mo ki vini apre l la kòmanse ak yon vwayèl.
Pwonon pèsonèl « yo » a kapab jwe wòl sijè (Egz. Yo vini.) oswa konpleman (Egz. Di yo vini.).

Egzanp

Machann yo pa vin vann.
« yo » se yon detèminan defini ki akonpaye non machann nan.

Tout moun mare pakèt yo.
« Yo » se yon detèminan posesif ki akonpaye non pakèt la.

Yo pran malèt la, y ale.
« yo » ak « y » se  pwonon pèsonèl 3yèm pèsòn pliryèl ki mache avèk vèb pran ak ale.

Pou plis esplikasyon, gade chapit 1 nan liv Gramè deskriptif kreyòl ayisyen an ki gen tit : Kategori mòfosentaksik yo.

Egzèsis sou fich lengwistik sa a. Teste konesans ou !

 

Pou plis detay, gade chapit 1 nan liv Gramèdeskriptif kreyòl ayisyen an.

Pataje pòs la

Mak tan ak aspè « T ap »

An kreyòl ayisyen, mak tan ak aspè (MTA) « t ap » la sèvi pou de tan konjigezon : pase kontinye ak kondisyonèl pase. Menmsi MTA a gen menm fòm nan nan toulede tan sa yo, li pa vle di menm bagay.

Eksplikasyon

An kreyòl ayisyen, mak tan ak aspè (MTA) « t ap » la sèvi pou de tan konjigezon : pase kontinye ak kondisyonèl pase. Menmsi MTA a gen menm fòm nan nan toulede tan sa yo, li pa vle di menm bagay.
Pou tan pase kontinye a, MTA a fòme ak « te » ki eksprime pase epi « ap » ki eksprime aspè diratif. Kidonk MTA t ap la  se fòm rakousi pou  « te ap ».
Pou tan kondisyonèl pase a, MTA a fòme ak « ta » ki eksprime kondisyon epi « ap » ki eksprime aspè pwospektif. Nan ka sa a, MTA t ap la se fòm rakousi « ta ap ».

Egzanp

Mwen t ap bale kay la lè pòt la frape a. (Pase kontinye)

Mwen t ap bale kay la si bale a pa t kase. (Kondisyonèl pase)

 

Egzèsis sou fich lengwistik sa a. Teste konesans ou

Sous : Gramè deskriptif kreyòl ayisyen an, # 1.9, 17.1.2 ak 17.1.3

Pataje pòs la

Kilè yo ekri « à » (« a » avèk aksan fòs) an kreyòl ?

Yo mete yon aksan fòs sou lèt « a », ki reprezante son /a/, lè li vini avan konsòn « n ». Rezon an se pou yo ka fè diferans ak son vwayèl /ã/ ki ekri « an ».

Esplikasyon

Yo mete yon aksan fòs sou lèt « a », ki reprezante son /a/, lè li vini avan konsòn « n ». Rezon an se pou yo ka fè diferans ak son vwayèl /ã/ ki ekri « an ».

Egzanp

Mwen pa konn monte bekàn.

Si yo te ekri bekan, mo a t ap pwononse /bekã/. Men, lè yo ekri mo a bekàn, aksan fòs ki sou lèt « a » a fè konprann se pa yon sèl son /ã/, men se de son yo dwe pwononse apa : /a/ plis /n/. Kidonk, mo a dwe pwononse /bekan/.

Pataje pòs la

Konbyen tan yon sitiyasyon aprantisaj dwe dire ?

Gen pwofesè ki konn mande si yon sitiyasyon aprantisaj dwe kadre ak kantite lè ki rezève pou kou a pa semèn. Gen lòt ki panse tan pou kouvri yon sitiyasyon aprantisaj ta dwe kadre ak diferan peryòd egzamen yo prevwa nan ane a. Anvan nou pale sou kantite tan yon sitiyasyon aprantisaj dwe dire, ann fè yon ti rapèl sou kisa yon sitiyasyon aprantisaj ye.

Yon sitiyasyon aprantisaj, se yon metòd ansèyman-aprantisaj ki mete elèv la nan yon kontèks kote li gen yon tach oswa yon pwojè pou l reyalize. Nan kad sitiyasyon aprantisaj la,  elèv la ap devlope yon seri konpetans epi metrize yon seri konesans pandan l ap fè dekouvèt. Dapre definisyon sa a, èske chak sitiyasyon aprantisaj gen yon kantite tan presi li dwe dire ? Repons lan se non.

Kòm objektif la se ede elèv la devlope konpetans pou reyalize yon pwojè, chak sitiyasyon aprantisaj pa oblije dire menm kantite tan an. Sitiyasyon aprantisaj la ka kouvri yon sèl seyans kou konsa tou li ka kouvri plizyè seyans kou, sou plizyè semèn.

Planifikasyon pedagojik

Li enpòtan pou pwofesè a fè yon planifikasyon pedagojik depi nan kòmansman ane lekòl la pou l byen jere kantite tan li genyen pou l kouvri pwogram nan. Nan planifikasyon an, pwofesè a ap detèmine ki kantite tan k ap nesesè pou chak sitiyasyon aprantisaj.

Pa egzanp, liv pou premye ane segondè koleksyon An Kreyòl la (NS-1), gen uit (8) sitiyasyon aprantisaj ladan l. Chak sitiyasyon aprantisaj sa yo gen youn, de oswa twa pwojè pou elèv yo reyalize. Pwofesè a ap evalye konbyen tan k ap nesesè pou l pase sou chak sitiyasyon aprantisaj. Sa ap pèmèt li planifye ki pati l ap kouvri nan chak seyans kou, selon si seyans lan dire yon peryòd oswa 2 peryòd.  Pandan l ap fè planifikasyon sa a, li dwe veye pou l respekte pwogresyon aprantisaj yo epi konsidere kapasite elèv li yo.

Nan Espas pwofesè a, w ap jwenn bonjan zouti pratik k ap gide w pazapa pou ede w aplike metòd sitiyasyon aprantisaj la pou kou kreyòl.

__________________

Lòt atik sou menm sijè a ki ka enterese w :

Pataje pòs la

Kisa yon sitiyasyon aprantisaj ye?

Imajine yon pwofesè ki pral kòmanse yon kou. Kiyès nan de fraz entwodiksyon pi ba yo k ap bay elèv yo plis anvi suiv kou a ?
1) « Semèn sa a, nou pral etidye fraz sibòdone. »
2) « Semèn sa a, nou pral aprann kòman pou nou ekri yon lèt prezantasyon pou patisipe nan yon konkou. »

Siman w ap dakò dezyèm fraz la ap bay elèv yo plis motivasyon pou yo suiv kou a. Poukisa ? Repons lan rete nan yon sèl mo : « sans ».

Nan premye ka a, anpil elèv ap ret suiv kou a sèlman paske yo oblije suiv li. Yo pa konprann pou ki bi pwofesè a ap fè yo etidye fraz sibòdone, kisa sa ap tili yo.

Nan dezyèm ka a, yo santi sa ki pral fèt la ap itil yo paske li nan reyalite yo. Yon jou oswa yon lòt, yo ka jwenn yon konkou ki enterese yo e ya ka bezwen ekri yon lèt prezantasyon pou yo patisipe nan konkou a. Anplis de sa, y ap ka sèvi ak konpetans yo pral genyen pou yo ekri lèt prezantasyon an nan plizyè lòt domèn nan lavi a, tankou lè yo pral gen pou yo ekri yon lèt prezantasyon pou yo chèche travay.

Kòm elèv yo gen yon pwojè enteresan pou yo reyalize, sa fè yo chofe pou yo patisipe nan kou a paske li gen yon sans pou yo. Sa antre nan kad yon « Sitiyasyon aprantisaj ». Gen otè ki rele l tou Sitiyasyon ansèyman-aprantisaj oswa Sitiyasyon aprantisaj ak evalyasyon. Kisa konsèp sa a vle di? Kisa li enplike kòm metòd pedagojik?

 Definisyon sitiyasyon aprantisaj

Yon sitiyasyon aprantisaj, se yon metòd ansèyman-aprantisaj ki mete elèv la nan yon kontèks kote li gen yon tach oswa yon pwojè pou l reyalize oswa yon pwoblèm pou l rezoud. Pou elèv la reyalize travay sa a, l ap bezwen devlope yon seri konpetans epi metrize yon seri konesans pandan l ap fè dekouvèt. Elèv yo ka reyalize pwojè a youn pa youn, de pa de oswa an gwoup.

 Yon metòd ki chita sou dekouvèt

Nan kad sitiyasyon aprantisaj la, elèv la ap fè dekovuvèt, l ap analize modèl sou menm fòm ak pwojè li gen pou l reyalize a. Pwojè yo ak aktivite yo ede elèv la devlope pwòp eksperyans pa l. Metòd pedagojik sa a ka aplike pou kèlkeswa kou a. Pa egzanp, nan yon kou lang, elèv la ap dekouvri nosyon lengwistik yo – gramè, òtograf, vokabilè, elatriye – an kontèks, nan modèl l ap analize yo. L ap fè dekouvèt tou sou lavi ak karyè moun ki te pwodui modèl la, sou eleman istorik ak sosyokiltirèl ki makonnen ak modèl l ap analize yo.

Si nou repran egzanp fraz sibòdone a ki nan kòmansman atik sa a, objektif la se pa « elèv la ap ka idantifye epi analize yon fraz sibòdone ». Men se : « Elèv la ap gen konpetans pou l ekri yon lèt prezantasyon pou l patisipe nan yon konkou. »

Se sèten, pou elèv la rive reyalize pwojè sa a ki se ekriti yon lèt fòmèl, l ap bezwen devlope plizyè konpetans, tankou rekonèt epi aplike divès estrikti pou prezante yon lèt fòmèl, aplike teknik mizanpaj, elatriye. L ap bezwen metrize yon seri konesans tou, tankou règ pou l respekte pou l ekri fraz ki kòrèk, sa gen ladan l fraz sibòdone, elatriye.

Nou vin konprann, nosyon yo sipoze antre nan yon kontèks sitiyasyonèl ki gen sans pou elèv la paske li gen yon objektif klè ki se yon pwojè pou l reyalize. Nosyon yo tankou engredyen elèv yo sipoze byen konprann pou yo reyalize yon resèt. Se pa bagay pou yo jis etidye pakè san konprann. Se sa k fè, nan koleksyon An kreyòl la, liv yo pa dekoupe an chapit, men yo dekoupe an sitiyasyon aprantisaj. Chak sitiyasyon aprantisaj gen youn oswa plizyè pwojè pou elèv yo reyalize. Depi nan kòmansman sitiyasyon aprantisaj la, elèv la tou konnen ki travay l ap gen pou l reyalize. Sa fè ni pwofesè a, ni elèv yo suiv yon lòd lojik paske yo konnen kote yo prale.

Nan Espas pwofesè a, w ap jwenn bonjan zouti pratik k ap gide w pazapa pou ede w aplike metòd sitiyasyon aprantisaj la pou kou kreyòl.

__________________

Lòt atik sou menm sijè a ki ka enterese w :

Pataje pòs la

Atelye ekriti « Ti liv dijital » nan Monreyal

Wikenn 17 ak 18 jen 2017 la, gen yon atelye ekriti k ap fèt Monreyal pou kreye liv nimerik an kreyòl pou timoun an Ayiti.

Se yon atelye kote plizyè moun pral mete talan yo ansanm pou kreye ti liv nimerik pou enfòme timoun yo epi divèti yo. Tout moun ki vle ka pote imajinasyon yo ak kreyativite yo pou patisipe nan atelye sa a gratis.

Apre atelye a, y ap mete liv ki kreye yo sou aplikasyon Library for all, kote timoun yo, paran yo ak pwofesè yo ap ka li yo sou tablèt elektwonik.

Moun ki alatèt pwojè sa a, se Richard Henri, yon espesyalis enfòmatik ki deja travay sou plizyè pwojè pedagojik ki marye ak teknoloji.

Pou plis enfòmasyon ak enskripsyon, Konsilte lyen sa a : Atelye ti liv dijital.

Pataje pòs la

Pwogram selebrasyon Jounen lang matènèl nan Fakilte lengwistik aplike

Dekana Fakilte lengwistik aplike, nan Invèsite Leta Ayiti a, pibliye pwogram selebrasyon jounen lang manman an pou ane 2017 la. Se yon pwogram animasyon syantifik ak kiltirèl ki pral dewoule konsa :

9 è – 9 è 05 :                      Lansman jounen an

9 è 05 –  10 è 30 :              Pwezi – Lekti tèks kreyòl – Mizik apwopriye ;

10 è 30 –  11 è 30 :            Konferans ak M. Francois Nedet (CEHLA) sou tèm: L’éthique, la face et les états du moi en négociation:       Une analyse syntactico sémantique et pragmatique.

11 è 30 – 12 è 30 :             (Premye poz) (Mizik lakay) ;

12 è 30 – 2 è :                    Konferans ak M. Lemète ZÉPHYR sou tèm : Preparasyon materyèl didaktik ak lekòl an kreyòl;

2 è – 2 è 30 :                      (Dezyèm Poz) (Pwezi ak lekti tèks kreyòl) ;

2 è 30 – 3 è 30 :                 Konferans ak M. Mick Robert ARISMA sou tèm : Le palimpseste comme stratégie de communication dans   la campagne électorale 2016-2017 en Haïti;

3 è 30 – 4 è 30 :                 Konferans ak M. Bonel OXINÉ sou tèm : Sèvi ak kreyòl pou anseye fransè pa yon gaspiyay tan.

4 è 30 – 4 è 55 :                 Entèpretasyon chante kreyòl ak Mo remèsiman

4 è 55 – 5 è 30 :                 Mo remèsiman

 

Aktivite sa yo ap fèt nan Sal Pierre Vernet, nan lokal Fakilte lengwistik la.

 

Pataje pòs la