« Yo » detèminan defini, « Yo » detèminan posesif e « Yo » pwonon pèsonèl

An kreyòl, mo « yo » a kapab swa detèminan, swa pwonon pèsonèl.
Lè « yo » a se detèminan, li toujou akonpaye yon non. Li kapab yon detèminan defini pliryèl oswa yon detèminan posesif.

Eksplikasyon

An kreyòl, mo « yo » a kapab swa detèminan, swa pwonon pèsonèl.
Lè « yo » a se detèminan, li toujou akonpaye yon non. Li kapab yon detèminan defini pliryèl oswa yon detèminan posesif.
Lè « yo » a se pwonon pèsonèl, li mache ak yon vèb, oswa ak yon lòt kalite predika, pou eksprime 3yèm pèsòn pliryèl. Lè sa a, li kapab pran fòm rakousi « y » si mo ki vini apre l la kòmanse ak yon vwayèl.
Pwonon pèsonèl « yo » a kapab jwe wòl sijè (Egz. Yo vini.) oswa konpleman (Egz. Di yo vini.).

Egzanp

Machann yo pa vin vann.
« yo » se yon detèminan defini ki akonpaye non machann nan.

Tout moun mare pakèt yo.
« Yo » se yon detèminan posesif ki akonpaye non pakèt la.

Yo pran malèt la, y ale.
« yo » ak « y » se  pwonon pèsonèl 3yèm pèsòn pliryèl ki mache avèk vèb pran ak ale.

Pou plis esplikasyon, gade chapit 1 nan liv Gramè deskriptif kreyòl ayisyen an ki gen tit : Kategori mòfosentaksik yo.

Egzèsis sou fich lengwistik sa a. Teste konesans ou !

 

Pou plis detay, gade chapit 1 nan liv Gramèdeskriptif kreyòl ayisyen an.

Pataje pòs la