Konbyen tan yon sitiyasyon aprantisaj dwe dire ?

Gen pwofesè ki konn mande si yon sitiyasyon aprantisaj dwe kadre ak kantite lè ki rezève pou kou a pa semèn. Gen lòt ki panse tan pou kouvri yon sitiyasyon aprantisaj ta dwe kadre ak diferan peryòd egzamen yo prevwa nan ane a. Anvan nou pale sou kantite tan yon sitiyasyon aprantisaj dwe dire, ann fè yon ti rapèl sou kisa yon sitiyasyon aprantisaj ye.

Yon sitiyasyon aprantisaj, se yon metòd ansèyman-aprantisaj ki mete elèv la nan yon kontèks kote li gen yon tach oswa yon pwojè pou l reyalize. Nan kad sitiyasyon aprantisaj la,  elèv la ap devlope yon seri konpetans epi metrize yon seri konesans pandan l ap fè dekouvèt. Dapre definisyon sa a, èske chak sitiyasyon aprantisaj gen yon kantite tan presi li dwe dire ? Repons lan se non.

Kòm objektif la se ede elèv la devlope konpetans pou reyalize yon pwojè, chak sitiyasyon aprantisaj pa oblije dire menm kantite tan an. Sitiyasyon aprantisaj la ka kouvri yon sèl seyans kou konsa tou li ka kouvri plizyè seyans kou, sou plizyè semèn.

Planifikasyon pedagojik

Li enpòtan pou pwofesè a fè yon planifikasyon pedagojik depi nan kòmansman ane lekòl la pou l byen jere kantite tan li genyen pou l kouvri pwogram nan. Nan planifikasyon an, pwofesè a ap detèmine ki kantite tan k ap nesesè pou chak sitiyasyon aprantisaj.

Pa egzanp, liv pou premye ane segondè koleksyon An Kreyòl la (NS-1), gen uit (8) sitiyasyon aprantisaj ladan l. Chak sitiyasyon aprantisaj sa yo gen youn, de oswa twa pwojè pou elèv yo reyalize. Pwofesè a ap evalye konbyen tan k ap nesesè pou l pase sou chak sitiyasyon aprantisaj. Sa ap pèmèt li planifye ki pati l ap kouvri nan chak seyans kou, selon si seyans lan dire yon peryòd oswa 2 peryòd.  Pandan l ap fè planifikasyon sa a, li dwe veye pou l respekte pwogresyon aprantisaj yo epi konsidere kapasite elèv li yo.

Nan Espas pwofesè a, w ap jwenn bonjan zouti pratik k ap gide w pazapa pou ede w aplike metòd sitiyasyon aprantisaj la pou kou kreyòl.

__________________

Lòt atik sou menm sijè a ki ka enterese w :

Pataje pòs la