• Facebook
  • Twitter
  • kontak [@] ankreyol.net
  • (438)509-5216
Ankreyol

Ankreyol

  • Akey
  • Atik
  • Egzèsis
  • Vokabilè ilistre
  • Fich lengwistik
    • Gramè
    • Konjigezon
    • Òtograf ak pwononsyasyon
    • Vokabilè
  • Gramè kreyòl
    • Kote w ka achte l
  • Literati kreyòl
  • Pwovèb

Literati kreyòl

  • Akèy
  • Catégorie: Literati kreyòl

Kategory

  • Atik
  • Espas pa w
  • Fich lengwistik
    • Konjigezon
    • Òtograf ak pwononsyasyon
    • Vokabilè
  • Gramè kreyòl
    • Kote w ka achte l
  • Kou Kreyòl
    • Kou kreyòl dezyèm lang
    • Kou kreyòl pou etranje
    • Kou lekti ak ekriti
  • Literati kreyòl
10 Nov

Ti Prens lan

Ti Prens mwen an ! Mwen vin konprann, poukisa ou te toujou ap reflechi, tèt ou lwen ou pa konn ki kote, yon tristès toujou ap fè yon lago kache avè ou. Pandan lontan, sèl distraksyon ou, se te gade jan sa bèl lè solèy ap kouche poutèt sa te lage yon jwa andedan ou, […]

Étiquettes : Antoine De Saint-Exupéry, C3 Editions, Gary Victor, Haïti, literati kreyòl, Pétion-Ville, Ti Prens lan, Tradiksyon Li rès la

10 Nov

Mwen konnen poukisa zwazo ki nan kalòj la ap chante

Nou te abite avèk grann nou ak tonton nou pa dèyè Magazen an (yo te toujou site non magazen an kòmsi l te batize ak yon M majiskil). Sa te fè plis pase vennsenkan depi grann mwen te ouvri Magazen sa a. Nan kòmansman syèk la, Mama (lontan pa t pase anvan n te sispann […]

Étiquettes : 2016, byografi, Etazini, Jebca, Maya Angelou, Mwem konnen poukisa zwazo ki nan kalòj la ap chante, Tradiksyon, Zermatt Scutt Li rès la

10 Nov

An n al Lazil

an n ale vit tanpri n’a tire kont n’a jwe marèl ak flè dizè pou n kabre lajounen n a fè lago ak mouche loray n’a lanbe rèv n’a peze kafe n’a plante pwadchous n’a dòmi reve je klè nou prale byen lwen dèyè yon touf powèm rak bwa tankou de moun fou pou n […]

Étiquettes : An n al Lazil, Fred Edson Lafortune, literati kreyòl, powèm, Près trileng Cambridge Massachusetts, Trilingual Press Li rès la

10 Nov

Eminans – On kont chante

Tè Nan Kas la pou tout moun. Sa k vle gen dwa koupe on moso pou l fè jaden. Men, fò l bare l. Bèt, chwal, milèt, bourik ki lage gen plis dwa pase kretyen vivan. Nanpwen lalwa ki pwoteje kiltivatè. Se bon lantouray ki pou sove ou. Lò m fin koupe moso tè kote […]

Étiquettes : Eminans, Feliks Moriso Lewa, Félix Morisseau-Leroy, kont kreyòl, literati kreyòl Li rès la

10 Nov

Papye

Poko fòse zwazo Bwè dlo Nan pla men ou Ak zèl yo mare Pa kite van bwote Papye kap yo Chak papye kreyòl Se yon kap Ki pral poze Nan gran lakou Sou yon pye zanmann   Kap papye Ale ale M a bwè dlo Ale ale Sezon va vin vèt Ale ale Bèl kap […]

Étiquettes : Dominique Batraville, Edisyon Pulùcia, Jakmèl, Kòdvokal, Koleksyon Emile Célestin-Mégie, literati kreyòl, papye, pwezi Li rès la

10 Nov

Men nou!

Se vag lanmè k ap bwote n ale kouran larivyè k ap trennen nou se van nòde k ap soufle nan vwal nou pou mennen n lakay nou se klewon zetwal k ap di Men nou ! n ap vini ! ak limyè sou tèt nou ak melon ak zaboka ak grenn mayi nan malèt […]

Étiquettes : dyaspora, edisyon mapou, Josaphat Large, koleksyon koukouy, literati kreyòl, men nou, powèm kreyòl, pwezi Li rès la

10 Nov

…Tinon jwèt, tinon serye, tinon sikonstans…

– Cheri, Yoyo, Bibich, Fafou, Kòkòt […] Si gen yon bagay m pa janm rive kontwole se tout tinon jwèt, tinon serye, tinon sikonstans manman m ban mwen. Lè m te gen dizan, m te sèl pwopriyetè yon bon douzèn tinon. Toutan m ap grandi, toutan manman m ap envante, koupe, kole tinon sou do […]

Étiquettes : Edisyon Près Nasyonal d`Ayiti, Jean-Euphèle Milcé, koleksyon souf nouvo, manman, Pase m yon kou foli Li rès la

10 Nov

Ak ki dlo je, ak ki pla men

Ak ki men pou n pliye dlo je Apre lapli lò matisan vomi sou po dyòl Boulva abiye rèv nou nan ma labou   Ak ki men pou n file yon zegwi pou egzante malè koud yon bèl wòb sou desten Aprè yon loray majiskil fin tire wòch sou do tòl   Ak ki pla […]

Étiquettes : James Stanley Jean Simon, literati kreyòl, matisan, mòn lopital, Nyaj dènye sezon, Pòtoprens, pwezi Li rès la

Ret branche
Nyouzletè

Rete toujou konekte avèk nou.

Success! Yo ajoutew.
Dènye twit yo

Please wait...

Kontakte nou
  • Rive Sud Longueuil

  • (438)509-5216

  • kontak [@] ankreyol.net

Swiv nou

© Copyright 2023. Tout dwa rezève. weboostez-vous inc.

  • Privacy Policy
  • Kondisyon itilizasyon