Ak ki dlo je, ak ki pla men

Ak ki men pou n pliye dlo je

Apre lapli

lò matisan vomi sou po dyòl

Boulva abiye rèv nou nan ma labou

 

Ak ki men pou n file yon zegwi

pou egzante malè

koud yon bèl wòb sou desten

Aprè yon loray majiskil

fin tire

wòch sou do tòl

 

Ak ki pla men pou n pote

rèv timoun kolboso nan lapli

akounannan nan lavi

 

Chak jou k dezabiye mòn nan

Kite yon lanmò drèt

pandye nan lalwèt nou

 

Mòn Lopital an bon grimas

dezabiye Pòtoprens

jouk fouk kilòt

 

Mòn Boutilye

vale trezò l

san bri san kont

 

Ak ki dlo je

ak ki pla men

 

James Stanley Jean Simon, Nyaj dènye sezon, Edisyon Pulùcia, Koleksyon Oiselet, Jacmel, Haiti, 2016, p. 13, 14 (Ditridisyon : Communication Plus)

 

 

Pataje pòs la