Chantèz Stéphanie Séjour Antoine ki gen non atis li Tifàn, Pòt pawòl 15èm edisyon «Mwa kreyòl Monreyal la»

Direksyon komite entènasyonal k ap fè pwomosyon kreyòl ak alfabetizasyon(KEPKAA), fè tout moun konnen yo chwazi chantèz Stéphanie Séjour ki gen non atis li Tifàn pou pòt pawòl 15èm edisyon «Mwakreyòl Monreyal la».

Tifàn se yon Ayisyen, li fè etid inivèsitè li nan sosyoloji nan peyi Etazini kote l te viv pandan yon bon bout tan. Kounyeya li tabli l nan peyi fredi, peyi nèj powèt Gilles Vigneault a. Chantèz la deja pare pou l fè nèj sa yo fonn ak chante cho tankou piman bouk ki ka fè moun danse, chofe san yo epi voye fredi a al bwachat. Li di l te toujou damou mizik. Premye chante l mete deyò, « se kòm si » te fè tout moun wè l gen yon talan san parèy. Se sa k fè moun pa janm sispann tande l.

Tifàn pa janm jennen pale de peyi l ak lang manman l ki se kreyòl. Tout kote l pase, li toujou voye lang ak kilti kreyòl monte. Li patisipe nan anpil konsè ann Ayiti ak nan anpil festival ki fèt nan peyi etranje tankou «festival jazz de Niš,» Serbie, «les FrancoFolies de Montréal» ak anpil lòt ankò. Li pote kole ak divès atis, Ayisyen kou etranje yon bann moun konnnen, tankou: Amos Coulange, Lòlò ak Manzè, Boukman Eksperyans, Joël Widmaeir, Fabrice Rouzier, Hantz Mercier Jr, Andy Barrow, Éric Vidal, Monique Seka elatriye.

Tifàn resevwa anpil distenksyon. Nan lane 2009, Sekretè leta k ap entegre moun andikape te nome l Anbasadè pou defann kòz moun ki andikape nan peyi Ayiti. Nan lane 2007, li te konsakre meyè chantèz nan «Festival de jazz de Niš,» nan peyi Serbie.

Tifàn se yon boul dyaman, yon fanm modèl ki pote fyète lakay tout pèp k ap pataje kilti kreyòl la. Li pale plizyè lang : kreyòl, fransè, anglè, ak espanyòl. Li bay patisipasyon l ak tout fòs nan batay k ap fèt pou timoun pa rete ak moun, pou pa gen restavèk ankò nan pyès peyi.

Kebèk pa ta ka reve jwenn yon pi bon anbasadè pase sa, pou reprezante yon pati nan kilti l ak idantite l. Manm KEPKAA yo pa kache kontantman yo pou gwo chwa sa a : yon atis chaje ak talan tout bon. Yo swete l bòn chans epi yo mande tout moun alawonnbadè pou byen resevwa l epi ede l pou l ka ranpli misyon l. Tifane ap tann tout moun samdi 1e oktòb, 1è30 pm nan Centre Leonardo Da Vinci, 8370, boulva Lacordaire, Montréal (Québec) H1R 3Y6, pou lansman 15èm edisyon «Mwa kreyòl Monreyal» la ak kokenn espozisyon tablo «Artistes de Réminiscences» yo.

Sous : Sèvis kominikasyon KEPKAA

Pataje pòs la

adye wida

Adye Wida!

Siman ou abitye tande espresyon « Adye Wida! ». Gen moun ki pwononse l « Adye wi dan! » oswa « Adye ri dan! ». Petèt ou deja konn sèvi ak youn nan fòm espresyon sa a lè w ap pale. Men, ki fòm ki kòrèk? Kibò espresyon sa a soti epi kisa li vle di?

Nan yon liv ki pote siyati sosyològ Jean Casimir, nou jwenn yon esplikasyon ki ede nou konprann orijin espresyon an ak fòm li. Men sa otè a ekri :

« Adye Wida! Pawòl sa a, se nan bouch grann mwen ak granmoun menm laj avè l mwen te konn tande l. Grann mwen te sèvi avè l lè kè l grenn e li santi de bra l kase, san pa gen anyen li ka fè. Mwen te kwè se : Adye ri dan! li te konn di. Grann mwen pa t konn pale franse. M te sipoze li te vle di: “Kite dan ri!”

Se tou lòt jou, mwen reyalize : Wida [Ouidah] se vil bò lanmè, ann Afrik, kote pirat pake pifò nan zansèt nou yo, trenbale yo, vin debake pa bò isit. Adye Wida! ta yon dènye “orevwa”, orevwa ou fè lè pa gen tounen ankò nan peyi ou fou pou li a. »

Sous: Jean Casimir, Ayiti Toma – Haïti Chérie, Jean Casimir avèk konkou Communication Plus, Delmas, Haïti, 2000, p. 7, 8

Pataje pòs la

« Yon michan liv gramè kreyòl ayisyen »

Nan yon atik li fenk ekri, lengwis Hugues Saint-fort lonje dwèt sou yon seri mit sou lang kreyòl la ki dwe disparèt. Premye gwo mit lengwistik li site se mit ki fè kwè kreyòl pa yon lang paske kreyòl pa gen gramè. Dapre Hugues Saint Fort, mit sa a « Se pi gwo mit ki egziste lan lespri anpil moun ki ap kritike lang kreyòl ayisyen ».

Pou demonte mit sa a, otè a mete aksan sou apwòch liv Gramè deskriptif kreyòl ayisyen an ki se « yon apwòch ki konsantre sou jan lokitè yo itilize lang lan ». Hugues Saint-fort montre enpòtans liv sa a genyen. Li kalifye l kòm « yon michan liv gramè kreyòl ayisyen » k ap ede moun retire kwayans kreyòl pa gen gramè a nan tèt yo. Li mete aksan tou sou diferans ki egziste ant gramè yon lang ak yon liv gramè.

Pou w li atik  Hugues Saint-Fort a epi dekouvri de lòt gwo mit li pale sou yo, klike sou lyen sa a k ap mennen w nan atik la sou sit lengwis Robert Berrouët‑Oriol la : Kèk mit sou lang kreyòl ayisyen ki dwe disparèt, Hugues Saint-Fort, New York, out 2016.

Pataje pòs la

Konferans : Gramè deskriptif kreyòl ayisyen an Yon zouti analiz san parèy

Madi 31 me 2016, 2 è nan aprè midi, Fakilte lengwistik aplike, Ri Dufort # 38,

Nan konferans sa a, lengwis Jockey Berde Fedexy ap prezante liv li a tout pandan l ap mete aksan sou enpòtans deskripsyon syantifik kreyòl ayisyen an.

Madi 31 me 2016, 2 è nan aprè midi

Fakilte lengwistik aplike, Ri Dufort # 38

«Gramè deskriptif kreyòl ayisyen an se yon zouti

tout moun ki ap reflechi sou ansèyman,

deskripsyon ak analiz kreyòl ayisyen an dwe

posede.»

Pwofesè Renaud Govain

Apre konferans lan, w ap ka achte epi fè

siyen egzanplè pa w la nan pri etidyan ki

se 800 Goud.

Pataje pòs la

Plis pase 25 nouvo liv an kreyòl nan «Livres en folie» 2016 la

22 yèm edisyon «Livres en folie» a ap prezante plis pase 25 nouvo tit an kreyòl. Liv sa yo fè pati

plizyè kategori : gen pwezi, woman, esè, liv jenès, istwa ak kont. Kategori ki pi reprezante se

pwezi. Gen nan tit sa yo ki se tradiksyon èv ki te pibliye nan lang etranje.

 

Kèk nan otè liv kreyòl sa yo te gen okazyon prezante piblikasyon yo a nan kad konferans pou laprès ki te fèt lendi 23 me 2016 la nan otèl Royal Oasis pou lansman «Livres en folie» 2016 la. Sou 157 otè ki an siyati yo, 28 se otè ki ekri nan lang kreyòl ayisyen an.

Pami nouvo liv yo, gen 2 esè ki konsène lengwistik ak zafè lang an Ayiti. Se «Gramè deskriptif kreyòl ayisyen an» lengwis Jockey Berde Fedexy ekri ak «Un aménagement linguistique pour le développement du peuple haïtien» kolektif GRAHN ekri.

Edisyon 2016 «Livres en folie» a ap fèt nan Parc historique de la canne à sucre jedi 26 ak vandredi 27 me 2016.

Pataje pòs la

Jounen entènasyonal lang manman : pou yon sistèm edikasyon ki bay bonjan rezilta

Depi nan ane 2000, UNESCO mete sou pye jounen 21 fevriye a kòm jounen entènasyonal lang manman. Pou ane 2016 la, tèm jounen an mete aksan sou kesyon edikasyon nan lang manman. Pou nou site madan Irina Bokova ki se direktris jeneral UNESCO, « nan yon apwòch ki baze sou plizyè lang, lang manman an se kle yon edikasyon efikas k ap pwodui moun ak sosyete ki otonòm » (1). Poukisa e kijan lang kreyòl la, ki se lang manman pifò Ayisyen, ka sèvi kòm zouti ansèyman nan lekòl an Ayiti ?

Anvan nou reponn kesyon sa a, annou bay yon ti definisyon sou tèm « lang manman » an. Lang manman se premye lang yon moun aprann pale depi lè li fèk fèt oswa menm depi lè li nan vant manman l. Se poutèt sa yo konn sèvi ak tèm « premye lang » nan tou pou pale de lang manman an. Kòm se premye lang yon moun aprann depi lè sèvo l te fèk ap devlope, lang sa a makònen ak tout reyalite moun nan. Li pa bezwen fè efò pou l konprann sa yo di l nan lang sa a, paske sèvo l pa bezwen fè yon premye travay tradiksyon anvan li dekode mesaj yo ba li a.

Se pou rezon sa a ki fè espesyalis nan zafè lang ak edikasyon toujou konseye pou edikasyon lekòl fèt nan lang manman moun k ap aprann yo. Èske sa vle di lekòl la ap bay lòt lang yo vag ? Non. Gen yon diferans ant yon lang elèv yo ap aprann kòm matyè lekòl ak lang yo sèvi pou aprann rès matyè yo. Pa egzanp, Ayiti gen 2 lang nasyonnal ki se kreyòl ak fransè. Nan yon kou fransè, se nòmal pou pwofesè a fè kou a an fransè, sa valab pou tout lòt kou lang. Men, lè se yon kou istwa, matematik, fizik ak tout lòt matyè ki pa lang, yo ta sipoze sèvi ak lang manman elèv yo kòm zouti pou ansèyman. Sa ka genyen 2 gwo avantaj anplis lòt avantaj ankò.

Premye avantaj la, sa t ap pèmèt elèv yo konprann nosyon yo pi fasil paske yo t ap esplike yo avèk yon langaj yo deja abitye avèk mo ki deja nan reyalite yo. Yo t ap sispann resite pakè san konprann. Konsa, yo t ap vin pi aktif nan aprantisaj la e yo t ap gen pi bon rezilta. Dezyèm avantaj la, sèke elèv yo t ap aprann apresye eritaj lengwistik yo a, sa ki t ap fè yo gen plis konfyans nan tèt yo ak nan kapasite yo.

 

(1) « Dans le cadre d’une approche multilingue, les langues maternelles sont les composantes essentielles d’une éducation de qualité, laquelle est elle-même le fondement de l’autonomisation des individus et de leurs sociétés. » Irina Bokova, Directrice générale de l’UNESCO. Sous: https://www.un.org/fr/events/motherlanguageday/

Pataje pòs la

Ala mizè pou chen !

Yo di chen se pi bon zanmi lòm. Ou kwè Ayisyen ladan l tou ? Si gen yon bèt Ayisyen pi pa vle wè, se chen. Anpil espresyon kreyòl montre jan Ayisyen, an jeneral, pa konsidere chen tankou zanmi yo, alewè pou pi bon zanmi yo. Ou pa kwè m ? Anvan w di mwen « manti kou chen », kite m rakonte w istwa Masèl.

Lè Masèl te timoun, yo te toujou di li « malelve pase chen » paske misye te toujou ap joure moun. Pou ti krik, ti krak, li trete moun « chen », « chen mouri », « chen de pye », « chen manje atè pa di mèsi »… Se sa k fè, chak fwa moun te tande Masèl k ap joure, yo te toujou di : « Ala chen frekan !»

Lè Masèl vin granmoun, li jwenn yon fi ki marye avè l. Men, yo te pale fi a pou l pa t marye ak Masèl. Yo te di l « pa leve tèt chen mete sou zorye ». Li pa t vle tande anyen paske li te twò damou. kèlkeswa sa Masèl te fè, kèlkeswa sa l te di, fi a te toujou ap pran pou li paske « chen bwè dlo, li di : se pa w ki pa w ».

Yon ti tan pa pase, bagay yo kòmanse gate. Mesyedam yo nan kont tout lajounen « tankou chen ak chat ». Sa l ye, Masèl pa vle travay pou l bay fi a manje, e, tout moun konn sa, « chen grangou pa jwe ». Fi a tounen yon « chen anraje » nan kò Masèl.

Lòt jou, mwen wè Masèl k ap kouri « tankou chen fou ». Lè m mande sa k genyen, yo di m se madanm Masèl ki « lage chen dèyè » li. Fi a mete l deyò « tankou chen ». Malchans pou misye, li pa t gentan gen pitit ak fi a, e jan pawòl la di sa a « si w pa gen pitit, yo rele w chen, ou mèt reponn ». Masèl rive nan yon pwen, « se chen k ap tranpe kasav pou li ». Li vin tankou yon « chen touse ».

Te kwè Masèl al  chèche pou l retounen ak fi a.  Fi a di l : « Ala chen sou moun !» Men, kòm misye se yon « zo bouke chen » epi li « sanwont pase chen », li kontinye « fè chen nan pye » fi a. Tout moun di fi a : « si w pa t nan rans ak chen, li pa ta lage pis sou ou ».

Masèl, « chen manje w ! »

Pataje pòs la

« Pifò » oswa « Pi fò » ?

Lè w ap ekri kreyòl, ou ka ekri « pifò » kole oswa « pi fò » dekole. Kilè epi poukisa ou dwe kole l oubyen ou pa dwe kole l ?

Tèm « pifò » a, lè l tou kole, se yon detèminan kantite ki mache ak yon non. Pa egzanp, ou ka di : « Pifò moun ap dakò ak sa ». Ou te ka ranplase detèminan pifò a ak yon lòt detèminan tankou tout oswa anpil. Lè sa a, fraz la t ap tounen : « Tout moun ap dakò ak sa » oswa « Anpil moun ap dakò ak sa ».

Lè tèm « pi fò » a dekole, se yon lòt kalite konstriksyon li ye. Nan ka sa a, nou gen 2 eleman ki fè pati 2 kategori mòfosentaksik diferan. Premye a, pi, se yon advèb modifikatè ki sèvi pou esprime konparezon. Nou jwenn li nan fraz tankou : « Mwen pi gran pase w » oswa « Se sa a ki pi bèl ». Dezyèm nan, fò, se yon adjektif kalifyan. Nan yon fraz tankou : « Ou pi fò pase m », advèb pi a modifye adjektif fò a pou fè yon konparezon.

Pou plis detay, gade nan liv Gramè deskriptif kreyòl ayisyen an nan paj 42 ( Detèminan kantite ki plase anvan non an) ak nan paj 46 (Degre ak konparezon nan adjektif kalifyan yo).

Pataje pòs la

Sans « manje » nan kèk ekspresyon kreyòl

Premye rezon ki fè yon moun manje, se pou l ka pran swen kò l. Sa vle di premye sans mo manje a se yon bagay ki enpòtan pou lavi paske si yon moun pa manje l ap mouri. Men, lè nou analize kèk ekspresyon nan kreyòl ayisyen an, nou wè yo asosye manje avèk konkèt, reyisit oswa konfò. Ann analize ekspresyon sa yo.

Souvan, lè yon elèv byen konpoze, lè l ap soti nan sal egzamen an, li di « Mwen manje ! » oswa « Mwen manje moun ! ». Tout moun konnen se pa manje li sot manje nan sal egzamen an. Ekspresyon sa a se yon fason pou l di tout bagay byen pase pou li paske li jwenn tout oswa pifò repons kesyon yo. Mo moun ki nan dezyèm ekspresyon an, se pa pou gran mesi. Li gen sans yon viktwa li pote sou yon moun, li genyen moun nan. An jeneral, pwofesè fè egzamen pou fòse elèv yo reflechi epi yo konn mete pyèj pou yo ka sèten elèv la byen metrize matyè. Lè yon elèv reyisi byen konpoze san l pa tonbe nan pyèj ki gen nan egzamen an, nan yon sans li ka di li genyen pwofesè a. Yon lòt bò, elèv sa w pote laviktwa sou lòt elèv parèy li yo ki ap fri sou fèy la paske yo pa konn tout repons yo.

Yo konn itilize ekspresyon « Ou manje ak grès ! », « Ou manje gra ! » oswa « Ou manje ak graten ! » lè yon moun reyisi yon bagay li te bezwen fè oswa li jwenn plis pase sa li te espere. Sa vle di moun sa a pa sèlman manje, men tou li manje sa yo konsidere kòm pi bon pati nan manje a. Pa egzanp, graten an se yon ti diplis e se yon pati espesyal kote tout bon gou manje a chita. Kidonk, lè yo di ou manje ak graten, sa vle di bagay yo bèl anpil pou ou.

Ou ka tèlman manje ak grès, yo ka di w « Ou nan bòl grès ou ! ». Ekspresyon sa a vle di bagay yo tèlman ale byen pou ou ou vin alèz, ou konfòtab, kòmsi ou te twouve w nan yon bòl grès. Lè sa a « W ap bwè kòb ou ! », sa vle di w ap byen jwi fwi travay ou.

Kòmkwa, depi w travay di, yon jou kanmenm « W ap souse yon zo » !

Pataje pòs la

Èske ou pale Jagon kreyòl?

Anpil moun ka reflechi avan yo reponn kesyon sa a. Rezon an se paske, an jeneral, yo konsidere jagon kreyòl la tankou langaj sekrè vagabon ak vagabòn sèvi. Souvan se jèn yo ki sèvi ak langaj jagon an pou twonpe vijilans paran yo ak lòt moun, pou yo ka pa konprann sa y ap di antre yo, sitou si yo byen metrize l e yo ka pale l rapid. Se sa k fè anpil paran pa vle pitit yo pale jagon. Yon lòt bò, gen anpil moun ki jis pale jagon pou bon plezi tou. Men, kisa jagon kreyòl la ye? Kijan yo pale l?

Jagon kreyòl la se yon fòm pale ki chita sou silab yo kòm baz. Yo ajoute yon silab ki kòmanse ak son /g/ oswa ak son /ʒ/ si silab nòmal la deja kòmanse ak son /g/. Dapre fòm silab la epi dapre son ki fini silab la, si se yon vwayèl, yon demi-vwayèl oswa yon konsòn, fòm mo jagon an ap chanje. Ann pran kèk egzanp.

Lè silab la fini ak yon vwayèl, apre chak silab nan yon mo, yo ajoute yon lòt ‘silab jagon’ ki kòmanse ak son /g/ e ki fini ak menm vwayèl ki fini silab mo nòmal la. Pa egzanp, mo « pale » ap tounen « pagalege (pa-ga-le-ge) ».

Lè silab la fini ak yon konsòn oubyen yon demi-vwayèl, ‘silab jagon’ an ap kòmanse apre vwayèl ki nan silab la, sa vle di li vin twouve l ant vwayèl la ak konsòn oubyen demi-vwayèl ki fini silab la. Pa egzanp, mo « Kòb » ap tounen « kògòb (kò-gò-b) » e mo « pay » ap tounen « pagay (pa-ga-y) ». Si silab la fini ak son /s/ epi silab ki apre a kòmanse ak son /k/, tankou nan mo « èske », ak « paske », mo jagon an p ap konsidere son /k/ a, kòmsi mo nòmal la se te « èse » oswa « pase ». Kidonk, mo sa yo ap tounen « ègèsege (è-gè-se-ge) » e « pagasege (pa-ga-se-ge) ».

Lè silab nan mo nòmal la deja kòmanse ak son /g/, silab jagon an kòmanse ak son /ʒ/ e l ap fini ak menm vwayèl ki fini silab sa a. Lè sa a, ‘silab’ jagon an plase avan silab li mache avè l la. Pa egzanp, mo « jagon » ap tounen « Jagajongon (ja-ga-jon-gon) » e mo « figi » ap tounen « Figijigi (fi-gi-ji-gi) ».

Yon ti kesyon kounye a : Ègèsege Ougou pagalege jagajongon kregeyògòl?

Pataje pòs la