Èske ou pale Jagon kreyòl?

Anpil moun ka reflechi avan yo reponn kesyon sa a. Rezon an se paske, an jeneral, yo konsidere jagon kreyòl la tankou langaj sekrè vagabon ak vagabòn sèvi. Souvan se jèn yo ki sèvi ak langaj jagon an pou twonpe vijilans paran yo ak lòt moun, pou yo ka pa konprann sa y ap di antre yo, sitou si yo byen metrize l e yo ka pale l rapid. Se sa k fè anpil paran pa vle pitit yo pale jagon. Yon lòt bò, gen anpil moun ki jis pale jagon pou bon plezi tou. Men, kisa jagon kreyòl la ye? Kijan yo pale l?

Jagon kreyòl la se yon fòm pale ki chita sou silab yo kòm baz. Yo ajoute yon silab ki kòmanse ak son /g/ oswa ak son /ʒ/ si silab nòmal la deja kòmanse ak son /g/. Dapre fòm silab la epi dapre son ki fini silab la, si se yon vwayèl, yon demi-vwayèl oswa yon konsòn, fòm mo jagon an ap chanje. Ann pran kèk egzanp.

Lè silab la fini ak yon vwayèl, apre chak silab nan yon mo, yo ajoute yon lòt ‘silab jagon’ ki kòmanse ak son /g/ e ki fini ak menm vwayèl ki fini silab mo nòmal la. Pa egzanp, mo « pale » ap tounen « pagalege (pa-ga-le-ge) ».

Lè silab la fini ak yon konsòn oubyen yon demi-vwayèl, ‘silab jagon’ an ap kòmanse apre vwayèl ki nan silab la, sa vle di li vin twouve l ant vwayèl la ak konsòn oubyen demi-vwayèl ki fini silab la. Pa egzanp, mo « Kòb » ap tounen « kògòb (kò-gò-b) » e mo « pay » ap tounen « pagay (pa-ga-y) ». Si silab la fini ak son /s/ epi silab ki apre a kòmanse ak son /k/, tankou nan mo « èske », ak « paske », mo jagon an p ap konsidere son /k/ a, kòmsi mo nòmal la se te « èse » oswa « pase ». Kidonk, mo sa yo ap tounen « ègèsege (è-gè-se-ge) » e « pagasege (pa-ga-se-ge) ».

Lè silab nan mo nòmal la deja kòmanse ak son /g/, silab jagon an kòmanse ak son /ʒ/ e l ap fini ak menm vwayèl ki fini silab sa a. Lè sa a, ‘silab’ jagon an plase avan silab li mache avè l la. Pa egzanp, mo « jagon » ap tounen « Jagajongon (ja-ga-jon-gon) » e mo « figi » ap tounen « Figijigi (fi-gi-ji-gi) ».

Yon ti kesyon kounye a : Ègèsege Ougou pagalege jagajongon kregeyògòl?

Pataje pòs la