Ala mizè pou chen !

Yo di chen se pi bon zanmi lòm. Ou kwè Ayisyen ladan l tou ? Si gen yon bèt Ayisyen pi pa vle wè, se chen. Anpil espresyon kreyòl montre jan Ayisyen, an jeneral, pa konsidere chen tankou zanmi yo, alewè pou pi bon zanmi yo. Ou pa kwè m ? Anvan w di mwen « manti kou chen », kite m rakonte w istwa Masèl.

Lè Masèl te timoun, yo te toujou di li « malelve pase chen » paske misye te toujou ap joure moun. Pou ti krik, ti krak, li trete moun « chen », « chen mouri », « chen de pye », « chen manje atè pa di mèsi »… Se sa k fè, chak fwa moun te tande Masèl k ap joure, yo te toujou di : « Ala chen frekan !»

Lè Masèl vin granmoun, li jwenn yon fi ki marye avè l. Men, yo te pale fi a pou l pa t marye ak Masèl. Yo te di l « pa leve tèt chen mete sou zorye ». Li pa t vle tande anyen paske li te twò damou. kèlkeswa sa Masèl te fè, kèlkeswa sa l te di, fi a te toujou ap pran pou li paske « chen bwè dlo, li di : se pa w ki pa w ».

Yon ti tan pa pase, bagay yo kòmanse gate. Mesyedam yo nan kont tout lajounen « tankou chen ak chat ». Sa l ye, Masèl pa vle travay pou l bay fi a manje, e, tout moun konn sa, « chen grangou pa jwe ». Fi a tounen yon « chen anraje » nan kò Masèl.

Lòt jou, mwen wè Masèl k ap kouri « tankou chen fou ». Lè m mande sa k genyen, yo di m se madanm Masèl ki « lage chen dèyè » li. Fi a mete l deyò « tankou chen ». Malchans pou misye, li pa t gentan gen pitit ak fi a, e jan pawòl la di sa a « si w pa gen pitit, yo rele w chen, ou mèt reponn ». Masèl rive nan yon pwen, « se chen k ap tranpe kasav pou li ». Li vin tankou yon « chen touse ».

Te kwè Masèl al  chèche pou l retounen ak fi a.  Fi a di l : « Ala chen sou moun !» Men, kòm misye se yon « zo bouke chen » epi li « sanwont pase chen », li kontinye « fè chen nan pye » fi a. Tout moun di fi a : « si w pa t nan rans ak chen, li pa ta lage pis sou ou ».

Masèl, « chen manje w ! »

Pataje pòs la