Sans « manje » nan kèk ekspresyon kreyòl

Premye rezon ki fè yon moun manje, se pou l ka pran swen kò l. Sa vle di premye sans mo manje a se yon bagay ki enpòtan pou lavi paske si yon moun pa manje l ap mouri. Men, lè nou analize kèk ekspresyon nan kreyòl ayisyen an, nou wè yo asosye manje avèk konkèt, reyisit oswa konfò. Ann analize ekspresyon sa yo.

Souvan, lè yon elèv byen konpoze, lè l ap soti nan sal egzamen an, li di « Mwen manje ! » oswa « Mwen manje moun ! ». Tout moun konnen se pa manje li sot manje nan sal egzamen an. Ekspresyon sa a se yon fason pou l di tout bagay byen pase pou li paske li jwenn tout oswa pifò repons kesyon yo. Mo moun ki nan dezyèm ekspresyon an, se pa pou gran mesi. Li gen sans yon viktwa li pote sou yon moun, li genyen moun nan. An jeneral, pwofesè fè egzamen pou fòse elèv yo reflechi epi yo konn mete pyèj pou yo ka sèten elèv la byen metrize matyè. Lè yon elèv reyisi byen konpoze san l pa tonbe nan pyèj ki gen nan egzamen an, nan yon sans li ka di li genyen pwofesè a. Yon lòt bò, elèv sa w pote laviktwa sou lòt elèv parèy li yo ki ap fri sou fèy la paske yo pa konn tout repons yo.

Yo konn itilize ekspresyon « Ou manje ak grès ! », « Ou manje gra ! » oswa « Ou manje ak graten ! » lè yon moun reyisi yon bagay li te bezwen fè oswa li jwenn plis pase sa li te espere. Sa vle di moun sa a pa sèlman manje, men tou li manje sa yo konsidere kòm pi bon pati nan manje a. Pa egzanp, graten an se yon ti diplis e se yon pati espesyal kote tout bon gou manje a chita. Kidonk, lè yo di ou manje ak graten, sa vle di bagay yo bèl anpil pou ou.

Ou ka tèlman manje ak grès, yo ka di w « Ou nan bòl grès ou ! ». Ekspresyon sa a vle di bagay yo tèlman ale byen pou ou ou vin alèz, ou konfòtab, kòmsi ou te twouve w nan yon bòl grès. Lè sa a « W ap bwè kòb ou ! », sa vle di w ap byen jwi fwi travay ou.

Kòmkwa, depi w travay di, yon jou kanmenm « W ap souse yon zo » !

Pataje pòs la