Literati kreyòl – Mo chwazi

Ou renmen literati kreyòl? ankreyol.net ap prezante w «Mo chwazi», yon seri ekstrè tèks kreyòl nou chwazi pou ou. Literati kreyòl la ap vale teren depi kèk tan. Anpil nouvo liv an kreyòl ayisyen parèt chak ane. Gen nan liv sa yo ki ta merite tit chedèv.

Poutan, mezon edisyon yo ak distribitè liv kreyòl yo konstate lektora kreyòl la piti anpil lè yo konpare l ak lektora fransè a.

Rezon yo ka anpil. Pa egzanp, anplis diskriminasyon anpil moun gen sou lang nan, se pa tout Ayisyen ki gen abitid li an kreyòl, sitou sila yo ki pa t gen chans gen kou kreyòl lè yo te lekòl. Men sa pa vle di yon moun pa ka pran gou nan li kreyòl. Zèv literati ki ekri an kreyòl yo kapab ba moun gou pou yo li an kreyòl.

Se pou rezon sa a, ankreyòl.net ap prezante piblik la kèk bèl ekstrè tèks otè ayisyen ekri an kreyòl. Chak semèn, soti vandredi 10 jen 2016 la, n ap prezante w mo chwazi ki soti nan pwezi, woman, pyès teyat, kont, e menm nan lodyans. Pa rate bèl randevou sa a nan seksyon Literati sou sit la!

Pataje pòs la