Ak ki dlo je, ak ki pla men

Ak ki men pou n pliye dlo je

Apre lapli

lò matisan vomi sou po dyòl

Boulva abiye rèv nou nan ma labou

 

Ak ki men pou n file yon zegwi

pou egzante malè

koud yon bèl wòb sou desten

Aprè yon loray majiskil

fin tire

wòch sou do tòl

 

Ak ki pla men pou n pote

rèv timoun kolboso nan lapli

akounannan nan lavi

 

Chak jou k dezabiye mòn nan

Kite yon lanmò drèt

pandye nan lalwèt nou

 

Mòn Lopital an bon grimas

dezabiye Pòtoprens

jouk fouk kilòt

 

Mòn Boutilye

vale trezò l

san bri san kont

 

Ak ki dlo je

ak ki pla men

 

James Stanley Jean Simon, Nyaj dènye sezon, Edisyon Pulùcia, Koleksyon Oiselet, Jacmel, Haiti, 2016, p. 13, 14 (Ditridisyon : Communication Plus)

 

 

Pataje pòs la

Literati kreyòl – Mo chwazi

Ou renmen literati kreyòl? ankreyol.net ap prezante w «Mo chwazi», yon seri ekstrè tèks kreyòl nou chwazi pou ou. Literati kreyòl la ap vale teren depi kèk tan. Anpil nouvo liv an kreyòl ayisyen parèt chak ane. Gen nan liv sa yo ki ta merite tit chedèv.

Poutan, mezon edisyon yo ak distribitè liv kreyòl yo konstate lektora kreyòl la piti anpil lè yo konpare l ak lektora fransè a.

Rezon yo ka anpil. Pa egzanp, anplis diskriminasyon anpil moun gen sou lang nan, se pa tout Ayisyen ki gen abitid li an kreyòl, sitou sila yo ki pa t gen chans gen kou kreyòl lè yo te lekòl. Men sa pa vle di yon moun pa ka pran gou nan li kreyòl. Zèv literati ki ekri an kreyòl yo kapab ba moun gou pou yo li an kreyòl.

Se pou rezon sa a, ankreyòl.net ap prezante piblik la kèk bèl ekstrè tèks otè ayisyen ekri an kreyòl. Chak semèn, soti vandredi 10 jen 2016 la, n ap prezante w mo chwazi ki soti nan pwezi, woman, pyès teyat, kont, e menm nan lodyans. Pa rate bèl randevou sa a nan seksyon Literati sou sit la!

Pataje pòs la

Mak tan ak aspè an kreyòl ayisyen – Premye pati : « ap », « pral », « te », « t ap »

Mak tan ak aspè yo se yon seri mo ki endike nan ki moman aksyon y ap pale de li a fèt (tan an) epi fason moun k ap pale a wè dewoulman aksyon an (aspè a). Men kisa mak tan ak aspè yo esprime an kreyòl ayisyen :

Ap

Li esprime yon aksyon k ap dewoule nan moman lokitè a ap pale a.

Egz. Mwen ap etidye kreyòl.

 

Li esprime tou yon aksyon ki gen pou l fèt. Nan ka sa, ou ka itilize mak tan ak aspè « a », « va » oswa « ava » nan plas li.

Egz. Demen, m ap pote bonbon pou ou. / Demen, m a pote bonbon pou ou. / Demen, m ava pote bonbon pou ou.

 

Pral

Li esprime yon aksyon ki gen pou l fèt nan yon tan ki pa twò lwen

Egz. Mwen pral gade si pwa a kuit.

 

Te

Li esprime yon aksyon ki pase.

Egz. Yè, mwen te gade yon bèl fim.

 

T  ap

Li esprime yon aksyon ki ap dewoule nan pase.

Egz. Li t ap dòmi lè telefòn nan sonnen an.

 

Li esprime tou yon kondisyon nan pase.

Egz. Si l te tande, li t ap reponn

 

Pou plis detay sou itilizasyon mak tan ak aspè « t ap » la, gade fich lengwistik Mak tan ak aspè « tap » sou sit la.

 

Egzèsis

 

Sous : Gramè deskriptif kreyòl ayisyen an, # 1.9, 17.1.2 ak 17.1.3

Pataje pòs la

Fòm ak plas detèminan defini an kreyòl ayisyen

Detèminan defini ki akonpaye non yo plase apre non an. Si non an gen yon konpleman, detèminan defini an ap plase apre konpleman non an. Detèminan defini kreyòl la ka parèt sou plizyè fòm. Pou sengilye, fòm oral yo se « a » ak « la » e fòm nazal yo se « an », « lan » ak « nan ». Pou pliryèl, sèl fòm detèminan defini an se « yo ». Kilè yo itilize chak fòm detèminan defini sengilye yo ?

An kreyòl, fòm detèminan defini sengilye a varye dapre kontèks fonik la, sa vle di dapre son ki nan vwazinay detèminan an. Kòm detèminan defini an plase apre non an, e menm apre konpleman non an, fòm li ap varye selon son ki fini non an oswa son dènye mo ki fini gwoup konpleman non an.

Si mo a fini ak yon vwayèl oral oswa ak demi-vwayèl UI, detèminan an ap fran fòm « a ».

Si mo a fini ak yon konsòn oral oswa ak demi-vwayèl W ak Y, detèminan an ap pran fòm « la ».

Si mo a fini ak yon vwayèl nazal, detèminan an ap pran fòn « an ».

Si mo a fini ak yon konsòn nazal, detèminan an ap pran fòm « nan ».

Si mo a fini ak yon konsòn oral oswa ak demi-vwayèl Y, men gen yon vwayèl nazal ki vini anvan konsòn oral la, detèminan an ap pran fòm « lan ».

Egzanp

Lari a.

p la.

Bonbon an.

Kizin nan.

Lanp lan.

Egzèsis

 

Sous : Gramè deskriptif kreyòl ayisyen an, # 1.2 : Detèminan.

Pataje pòs la

Pwopoze yon kontni

Ou kapab pibliye yon atik sou ankreyol.net si w se yon lengwis, yon pwofesè kreyòl oswa yon etidyan lengwistik k ap travay sou kreyòl.

Nou ofri w yon espas pou w pibliye fwi rechèch ou. Konsa, plis moun ap konnen travay w ap fè e w ap kontribiye pou travay refleksyon sou lang kreyòl la vanse.

W ap jis voye pwopozisyon w lan sou fòma Word nan adrès contact[@]ankreyol.net. N ap reponn ou nan yon delè ki pa depase yon semèn pou nou fè w konnen si nou aksepte pibliye atik ou a. Li posib pou nou mande w fè yon ti koreksyon si nou jije sa nesesè anvan nou pibliye atik la.

N ap tann atik pa w la !

Pataje pòs la

Kote w ka achte liv gramè deskriptif kreyol ayisyen an

Mèsi pou enterè ou genyen pou liv Gramè deskriptif kreyòl ayisyen an.

 Men enfòmasyon sou difizè ak libreri kote w ap ka achte liv la :

  • Communication Plus S.A.,

24, Delmas 60
HT6120, Pétion-Ville, Haïti

Tel. : +509 2816 0404 | + 509 3401 7246

Adrès imel : [email protected]

 

  • Edisyon Jebca

180 Holliston Street
Medway, MA 02053
Tel : 617-216-8078 / 617-230-2325
Adrès imel : Jebcaeditio

[email protected]

Sit entènèt : www.jebcaeditions.org

 

  • Faculté de linguistique appliquée, Université d’Etat d’Haïti

38, Rue Dufort
BP 668, Port-au-Prince
Tel :245-1233 / 245-3253
Adrès imel : [email protected]

 

  • Librairie Kepkaa

2000, boul. Saint-Joseph-Est, porte B
Montréal (Québec) H2H 1E4
Tel. 514 750-8800
Faks : 514 303-1558
Adrès imel : [email protected]

 

  • Librairie des sciences humaines, Université de Montréal

Pavillon Jean-Brillant
3200, rue Jean-Brillant
Local: B-1315
Montréal, Québec, Canada

Tel : (514) 343-7362
Faks : (514) 343-2289

 

Pataje pòs la

Kou kreyòl pou etranje : Nivo 2 – Mwayen 1

W ap ka prezante tèt ou e w ap ka prezante yon lòt moun. W ap ka reponn kesyon senp sou tèt ou tankou non w, laj ou, kote w rete, fanmi w ak aktivite w. W ap ka poze moun kesyon sa yo tou. W ap ka dekri anviwònman w. W ap kapab kenbe yon konvèsasyon senp. W ap konprann sans kèk pwovèb ak espresyon kreyòl moun yo itilize souvan nan konvèsasyon toulejou.

Kantite tan kou a dire

Kou sa a gen 15 leson ladan l. Ou ka chwazi pran youn oubyen de leson chak semèn. Si w pran de (2) leson chak semèn, w ap fini nan 5 semèn. Si w pran yon (1) leson chak semèn, w ap fini nan 10 semèn.

 

Jan kou a dewoule

W ap ka koute konvèsasyon moun ki pale kreyòl ak kèk estrè videyo. N ap voye dokiman pou ou avan oswa apre chak leson pou w ka travay. W ap gen yon pwofesè w ap ka poze kesyon w yo pa imel. W ap ka pale ak pwofesè a dirèkteman pa telefòn oswa pa videyo de fwa pandan sesyon an.

Sa w ap bezwen

  • Yon òdinatè oubyen yon tablèt oswa yon telefòn entèlijan
  • Yon koneksyon entènèt
  • Yon kas pou w koute
  • Yon micro
  • Yon lojisyèl pou konvèsasyon videyo (tankou Hangout oswa Skype)

Pri kou a

120 $ CA.

*Se lè ou peye kou a enskripsyon w lan ap anrejistre.

Fason ou ka peye

Ou ka peye ak kat kredi oswa nan Paypal.

 

Pataje pòs la

Kou kreyòl pour etranje : Nivo 1 – Debitan

Apre kou sa a w ap kapab prezante tèt ou oswa reponn kesyon senp sou tèt ou. W ap kabab konprann epi itilize fòmil politès, kèk pwovèb ak espresyon kreyòl yo sèvi nan konvèsasyon toulejou. W ap konprann kèk aspè kiltirèl pou w konsidere nan konvèsasyon yo ak lè ou fèk rankontre yon moun.

Kantite tan kou a dire

Kou sa a gen 15 leson ladan l. Ou ka chwazi pran youn oubyen de leson chak semèn. Si w pran de (2) leson chak semèn, w ap fini nan 5 semèn. Si w pran yon (1) leson chak semèn, w ap fini nan 10 semèn.

 

Jan kou a dewoule

W ap ka koute konvèsasyon moun ki pale kreyòl ak kèk estrè videyo. N ap voye dokiman pou ou avan oswa apre chak leson pou w ka travay. W ap gen yon pwofesè w ap ka poze kesyon w yo pa imel. W ap ka pale ak pwofesè a dirèkteman pa telefòn oswa pa videyo de fwa pandan sesyon an.

 

Sa w ap bezwen

  • Yon òdinatè oubyen yon tablèt oswa yon telefòn entèlijan
  • Yon koneksyon entènèt
  • Yon kas pou w koute
  • Yon micro
  • Yon lojisyèl pou konvèsasyon videyo (tankou Hangout oswa Skype)

Pri kou a

120 $ CA.

*Se lè ou peye kou a enskripsyon w lan ap anrejistre.

 

Fason ou ka peye

Ou ka peye ak kat kredi oswa nan Paypal.

Pataje pòs la

Kou kreyòl dezyèm lang

Si ou deja gen kèk konesans sou lang kreyòl la paske paran w pale kreyòl oswa ou te suiv kèk kou kreyòl, kou sa a ape de w amelyore konesans ou. W ap pi byen konprann gramè kreyòl la ak òtograf kreyòl. Anplis, w ap kapab pratike kreyòl la pou w ka pale l epi ekri l pi byen.

Kantite tan kou a dire :

Kou sa a gen 10 leson ladan l. Ou ka chwazi pran youn oubyen de leson chak semèn. Si w pran 2 leson chak semèn, w ap fini nan 5 semèn. Si w pran 1 leson chak semèn, w ap fini nan 10 semèn.

 

Jan kou a dewoule

W ap ka koute konvèsasyon moun ki pale kreyòl ak kèk estrè videyo. N ap voye dokiman pou ou avan oswa apre chak leson pou w ka travay. W ap gen yon pwofesè w ap ka poze kesyon w yo pa imel. W ap ka pale ak pwofesè a dirèkteman pa telefòn oswa pa videyo de fwa pandan sesyon an.

 

Sa w ap bezwen

  • Yon òdinatè oubyen yon tablèt oswa yon telefòn entèlijan
  • Yon koneksyon entènèt
  • Yon kas pou w koute
  • Yon micro
  • Yon lojisyèl pou konvèsasyon videyo (tankou Hangout oswa Skype)

 

Pri kou a :

80 $ CA.

*Se lè ou peye kou a enskripsyon w lan ap anrejistre.

 

Fason ou ka peye

Ou ka peye ak kat kredi oswa nan Paypal.

Pataje pòs la