Mak tan ak aspè an kreyòl ayisyen – Premye pati : « ap », « pral », « te », « t ap »

Mak tan ak aspè yo se yon seri mo ki endike nan ki moman aksyon y ap pale de li a fèt (tan an) epi fason moun k ap pale a wè dewoulman aksyon an (aspè a). Men kisa mak tan ak aspè yo esprime an kreyòl ayisyen :

Ap

Li esprime yon aksyon k ap dewoule nan moman lokitè a ap pale a.

Egz. Mwen ap etidye kreyòl.

 

Li esprime tou yon aksyon ki gen pou l fèt. Nan ka sa, ou ka itilize mak tan ak aspè « a », « va » oswa « ava » nan plas li.

Egz. Demen, m ap pote bonbon pou ou. / Demen, m a pote bonbon pou ou. / Demen, m ava pote bonbon pou ou.

 

Pral

Li esprime yon aksyon ki gen pou l fèt nan yon tan ki pa twò lwen

Egz. Mwen pral gade si pwa a kuit.

 

Te

Li esprime yon aksyon ki pase.

Egz. Yè, mwen te gade yon bèl fim.

 

T  ap

Li esprime yon aksyon ki ap dewoule nan pase.

Egz. Li t ap dòmi lè telefòn nan sonnen an.

 

Li esprime tou yon kondisyon nan pase.

Egz. Si l te tande, li t ap reponn

 

Pou plis detay sou itilizasyon mak tan ak aspè « t ap » la, gade fich lengwistik Mak tan ak aspè « tap » sou sit la.

 

Egzèsis

 

Sous : Gramè deskriptif kreyòl ayisyen an, # 1.9, 17.1.2 ak 17.1.3

Pataje pòs la