Jounen entènasyonal lang manman : pou yon sistèm edikasyon ki bay bonjan rezilta

Depi nan ane 2000, UNESCO mete sou pye jounen 21 fevriye a kòm jounen entènasyonal lang manman. Pou ane 2016 la, tèm jounen an mete aksan sou kesyon edikasyon nan lang manman. Pou nou site madan Irina Bokova ki se direktris jeneral UNESCO, « nan yon apwòch ki baze sou plizyè lang, lang manman an se kle yon edikasyon efikas k ap pwodui moun ak sosyete ki otonòm » (1). Poukisa e kijan lang kreyòl la, ki se lang manman pifò Ayisyen, ka sèvi kòm zouti ansèyman nan lekòl an Ayiti ?

Anvan nou reponn kesyon sa a, annou bay yon ti definisyon sou tèm « lang manman » an. Lang manman se premye lang yon moun aprann pale depi lè li fèk fèt oswa menm depi lè li nan vant manman l. Se poutèt sa yo konn sèvi ak tèm « premye lang » nan tou pou pale de lang manman an. Kòm se premye lang yon moun aprann depi lè sèvo l te fèk ap devlope, lang sa a makònen ak tout reyalite moun nan. Li pa bezwen fè efò pou l konprann sa yo di l nan lang sa a, paske sèvo l pa bezwen fè yon premye travay tradiksyon anvan li dekode mesaj yo ba li a.

Se pou rezon sa a ki fè espesyalis nan zafè lang ak edikasyon toujou konseye pou edikasyon lekòl fèt nan lang manman moun k ap aprann yo. Èske sa vle di lekòl la ap bay lòt lang yo vag ? Non. Gen yon diferans ant yon lang elèv yo ap aprann kòm matyè lekòl ak lang yo sèvi pou aprann rès matyè yo. Pa egzanp, Ayiti gen 2 lang nasyonnal ki se kreyòl ak fransè. Nan yon kou fransè, se nòmal pou pwofesè a fè kou a an fransè, sa valab pou tout lòt kou lang. Men, lè se yon kou istwa, matematik, fizik ak tout lòt matyè ki pa lang, yo ta sipoze sèvi ak lang manman elèv yo kòm zouti pou ansèyman. Sa ka genyen 2 gwo avantaj anplis lòt avantaj ankò.

Premye avantaj la, sa t ap pèmèt elèv yo konprann nosyon yo pi fasil paske yo t ap esplike yo avèk yon langaj yo deja abitye avèk mo ki deja nan reyalite yo. Yo t ap sispann resite pakè san konprann. Konsa, yo t ap vin pi aktif nan aprantisaj la e yo t ap gen pi bon rezilta. Dezyèm avantaj la, sèke elèv yo t ap aprann apresye eritaj lengwistik yo a, sa ki t ap fè yo gen plis konfyans nan tèt yo ak nan kapasite yo.

 

(1) « Dans le cadre d’une approche multilingue, les langues maternelles sont les composantes essentielles d’une éducation de qualité, laquelle est elle-même le fondement de l’autonomisation des individus et de leurs sociétés. » Irina Bokova, Directrice générale de l’UNESCO. Sous: https://www.un.org/fr/events/motherlanguageday/

Pataje pòs la