Kondisyon pou w sèvi ak sit la

Sit sa a la pou ede tout moun k ap fè rechèch sou lang kreyòl, k ap anseye oswa k ap aprann kreyòl.

 Sa w ka fè

Ou kapab sèvi ak kontni sit la gratis pou aktivite rechèch ak ansèyman oswa pou apwofondi konesans ou sou lang kreyòl la ak kilti kreyòl la.

Ou ka sèvi ak yon ti pati nan kontni ki sou sit la kòm sitasyon nan travay pa w a kondisyon ou site sous kote ou pran ti pati a.

Ou kapab sèvi ak imaj, son, ak videyo ki sou sit la kòm materyèl didaktik si w se yon pwofesè.

 Sa w pa dwe fè

Ou pa gen dwa kopye okenn kontni ki sou sit la, kit se an antye, kit se yon pati, pou w fè travay pa w oswa pou w mete sou sit entènèt pa w.

Ou pa gendwa sèvi ak okenn kontni ki sou sit la pou w fè komès, sa vle di ou pa gen dwa pran okenn kontni ki sou sit la pou w vann lòt moun nan okenn fason.

 Chanjman nan kondisyon itilizasyon yo

Services linguistiques Fedexy gen dwa revize kondisyon sa yo lè li jije sa nesesè. Tout chanjman ki ta fèt nan kondisyon yo ap afiche sou sit la.

Si w kontinye konsilte sit la, sa vle di ou aksepte tout kondisyon pi wo yo. Services linguistiques Fedexy gen dwa pran mezi ki nesesè kont ou si w pa respekte kondisyon sa yo.

 Enfòmasyon pèsonèl ak vi prive

Tout enfòmasyon pèsonèl ou antre sou sit la, tankou adrès imel ou, non ou, modpas ou, elatriye, ap sèvi sèlman pou rezon ki endike kote w ap antre yo a.

Nou pa p sèvi ak enfòmasyon pèsonèl ou pou okenn lòt rezon.

Nou pa p transmèt ni nou pa p vann enfòmasyon pèsonèl ou bay pyès moun oswa pyès enstitisyon.