Kisa yon sitiyasyon aprantisaj ye?



Imajine yon pwofesè ki pral kòmanse yon kou. Kiyès nan de fraz entwodiksyon pi ba yo k ap bay elèv yo plis anvi suiv kou a ?
1) « Semèn sa a, nou pral etidye fraz sibòdone. »
2) « Semèn sa a, nou pral aprann kòman pou nou ekri yon lèt prezantasyon pou patisipe nan yon konkou. »

Siman w ap dakò dezyèm fraz la ap bay elèv yo plis motivasyon pou yo suiv kou a. Poukisa ? Repons lan rete nan yon sèl mo : « sans ».

Nan premye ka a, anpil elèv ap ret suiv kou a sèlman paske yo oblije suiv li. Yo pa konprann pou ki bi pwofesè a ap fè yo etidye fraz sibòdone, kisa sa ap tili yo.

Nan dezyèm ka a, yo santi sa ki pral fèt la ap itil yo paske li nan reyalite yo. Yon jou oswa yon lòt, yo ka jwenn yon konkou ki enterese yo e ya ka bezwen ekri yon lèt prezantasyon pou yo patisipe nan konkou a. Anplis de sa, y ap ka sèvi ak konpetans yo pral genyen pou yo ekri lèt prezantasyon an nan plizyè lòt domèn nan lavi a, tankou lè yo pral gen pou yo ekri yon lèt prezantasyon pou yo chèche travay.

Kòm elèv yo gen yon pwojè enteresan pou yo reyalize, sa fè yo chofe pou yo patisipe nan kou a paske li gen yon sans pou yo. Sa antre nan kad yon « Sitiyasyon aprantisaj ». Gen otè ki rele l tou Sitiyasyon ansèyman-aprantisaj oswa Sitiyasyon aprantisaj ak evalyasyon. Kisa konsèp sa a vle di? Kisa li enplike kòm metòd pedagojik?

 Definisyon sitiyasyon aprantisaj

Yon sitiyasyon aprantisaj, se yon metòd ansèyman-aprantisaj ki mete elèv la nan yon kontèks kote li gen yon tach oswa yon pwojè pou l reyalize oswa yon pwoblèm pou l rezoud. Pou elèv la reyalize travay sa a, l ap bezwen devlope yon seri konpetans epi metrize yon seri konesans pandan l ap fè dekouvèt. Elèv yo ka reyalize pwojè a youn pa youn, de pa de oswa an gwoup.

 Yon metòd ki chita sou dekouvèt

 Nan kad sitiyasyon aprantisaj la, elèv la ap fè dekovuvèt, l ap analize modèl sou menm fòm ak pwojè li gen pou l reyalize a. Pwojè yo ak aktivite yo ede elèv la devlope pwòp eksperyans pa l. Metòd pedagojik sa a ka aplike pou kèlkeswa kou a. Pa egzanp, nan yon kou lang, elèv la ap dekouvri nosyon lengwistik yo – gramè, òtograf, vokabilè, elatriye – an kontèks, nan modèl l ap analize yo. L ap fè dekouvèt tou sou lavi ak karyè moun ki te pwodui modèl la, sou eleman istorik ak sosyokiltirèl ki makonnen ak modèl l ap analize yo.

Si nou repran egzanp fraz sibòdone a ki nan kòmansman atik sa a, objektif la se pa « elèv la ap ka idantifye epi analize yon fraz sibòdone ». Men se : « Elèv la ap gen konpetans pou l ekri yon lèt prezantasyon pou l patisipe nan yon konkou. »

Se sèten, pou elèv la rive reyalize pwojè sa a ki se ekriti yon lèt fòmèl, l ap bezwen devlope plizyè konpetans, tankou rekonèt epi aplike divès estrikti pou prezante yon lèt fòmèl, aplike teknik mizanpaj, elatriye. L ap bezwen metrize yon seri konesans tou, tankou règ pou l respekte pou l ekri fraz ki kòrèk, sa gen ladan l fraz sibòdone, elatriye.

Nou vin konprann, nosyon yo sipoze antre nan yon kontèks sitiyasyonèl ki gen sans pou elèv la paske li gen yon objektif klè ki se yon pwojè pou l reyalize. Nosyon yo tankou engredyen elèv yo sipoze byen konprann pou yo reyalize yon resèt. Se pa bagay pou yo jis etidye pakè san konprann. Se sa k fè, nan koleksyon An kreyòl la, liv yo pa dekoupe an chapit, men yo dekoupe an sitiyasyon aprantisaj. Chak sitiyasyon aprantisaj gen youn oswa plizyè pwojè pou elèv yo reyalize. Depi nan kòmansman sitiyasyon aprantisaj la, elèv la tou konnen ki travay l ap gen pou l reyalize. Sa fè ni pwofesè a, ni elèv yo suiv yon lòd lojik paske yo konnen kote yo prale.

Nan Espas pwofesè a, w ap jwenn bonjan zouti pratik k ap gide w pazapa pou ede w aplike metòd sitiyasyon aprantisaj la pou kou kreyòl.

__________________ 

Lòt atik sou menm sijè a ki ka enterese w :

Pataje Fich saa